INITE – TÈT ANSANM – PWOGRESIS

PATI MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN (M.R.A.)

INITE – TÈT ANSANM – PWOGRESIS

KANMARAD SE AVÈ W M AP PALE

_____________________________

Nan okazyon finisman lane a, olye nou pèdi tan fè bilan apatrid ki fè dappiyanp sou pouvwa politik peyi a, nou panse l pi enpòtan pou n gade pwòp tèt nou.

3 nosyon ki pi souvan repete nan milye nou abitye kalifye pwogresis la: INITE – TÈT ANSANM – PWOGRESIS. Èske Inite a posib vre? Pou kisa tèt ansanm lan? Ki kalite moun ki pwogresis la?

Wi, nou panse Inite politik la posib nan aksyon, men pa sou papye sèlman. Pèp ayisyen an pa ka kontinye mobilize ni òganize pou l atenn objèktif li san yon lidèchip ideyolojikman solid, san estrikti apwopriye ki gen kapasite ak volonte pou makònen tout fòm batay politik yo pou mas la pran kontwòl pouvwa politik la. Tout silayo ki panse se pwogresis yo ye dwe pote kole fason yo kapab apati yon Inite estriktirèl minimal.

Se pyèj “tèt ansanm” lan ki bay anpil raketè politik okazyon mete kòstim pwogresis sou yo pou yo patisipe nan ekri tout kalite papye “pwopozisyon sòti kriz”. Nan non swadizan demokrasi pyèj, tout san koutcha ki bay pèp ayisyen an kout ponya nan do, tout reyaksyonè chita sou menm tab ak pwogresis pou planifye lavni peyi a. Èske w panse nan sans sa, nou ka jwenn konsansis ak makout reyaksyonè? Èske y ap janm dakò fè demokrasi ak nou?  Yo bay tèt yo dwa ak otorizasyon fè vyolans pou yo enpoze desizyon yo, enpi nou menm nou sèlman gen devwa mache plenyen ak fè pwomès nou pral kraze sistèm kapitalis la.

Pwogresis vledi, se moun ki patizan pwogrè politik, sosyal, ekonomik, gras ak mwayen refòm ou byen gras ak mwayen vyolan. Nan moman istorik n ap viv jodya, pwogresis ayisyen dwe jwe wòl yo pandan y ap evite etranje kontinye itilize pyon l genyen sou teren an pou l mentni sistèm anti-popilè a.

Pati Mouvman Revolisyonè Ayisyen (M.R.A.) pwopoze:

Dirijan pati politik, òganizasyon politik  pwogresis yo dwe reyini pou yo antann  sou ki pèsonaj pami nou k ap delege pou okipe fonksyon prezidan pwovizwa. Prezidan pwovizwa sa gen wòl monte yon gouvènman sali piblik nan konsètasyon ak tout òganizasyon politik pwogresis yo. Gouvènman sali piblik la ap gen yon manda 3 lane pou l:

  • Reyalize tout refòm enstitisyonèl endispansab yo
  • Òganize pwosè pou pèp ayisyen an jwenn lajan CIRH la, fon petrokaribe a, ak lòt lajan ankò.
  • Pran dispozisyon pou nasyonzini dedomaje viktim kolera yo
  • Kreye kondisyon pou reyalize pwosè tout masak ki fèt nan peyi a sou rejim sanginè sa a
  • Tanmen rezoud pwoblèm grangou, pwoblèm sante, pwoblèm edikasyon popilasyon an
  • Kowòdone ansanm batay mobilizasyon san pran souf pou n dekapote sistèm ekonomik ak politik antipopilè a.

Viktwa final, se pou pèp òganize, se pou pèp mobilize, se pou pèp solidè ki pa janm sispann batay

Dr Westner Polycarpe

Sekretè jeneral Pati Mouvman Revolisyonè Ayisyen (M.R.A.)

Ansyen Senatè Repiblik Dayiti

Ansyen Prezidan Komisyon Sante nan Sena Ayisyen an

Ayiti, premye janvye 2021

Laisser un commentaire

Votre adresse de messagerie ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *