DEZYÈM VWAYAJ KRISTÒF KOLON

Dezyèm vwayaj Kristòf  Kolon.  Kasik Kawonabo pra-l detri fò la Nativite.

Piyay nan zile ki pra-l pote non zile peyi dayiti tanmen nan kondisyon malonèt kote dwa moun, dwa endijèn  yo pa respekte.

Nan tèt operasyon dechèpiyay sa-a nou jwenn gwo potanta tout kalite, gwo potanta ki p-ap janm bouke komèt krim kont limanite.

La rèn Izabèl lakatolik ansanm ak dirijan lakou wayal nan epòk la, te patrone vwayaj kristòf kolon-an .

Ki wòl legliz katolik, yerachi legliz katolik pra-l jwe nan zak demeplè sayo? Ki patisipasyon dirèk ou byen endirèk sen-syèj la, ak pap aleksand 6 nan sa zòt abitye kalifye kòm dekouvèt lamerik, men ki an reyalite konsidere tankou zak okipasyon,  zak kolonizasyon brital.

Pap Aleksand 6, se chèf siprèm legliz katolik ki te pran dekrè nan dat 4 me 1493 pou-l renmèt bay kristòf kolon kòm pwopriyete, tout zile ak tout tè li dekouvri, ak tout tè li gen pou dekouvri, ak kondisyon tè sa yo se pa pou okenn lòt wa kretyen tankou, se yon pataj kontinan amerik la ant peyi lèspay ak peyi pòtigal.

Yon liy demakasyon te trase, kote chèf legliz katolik la, pap aleksand 6, bay tèt li dwa ak otorizasyon pataje tè ki pa pou li menm ak fanmiy li, yon liy imajinè li trase soti nan pòl nò pou rive nan pòl sid latè, yon liy ki pase pa zile asò ak kapvè.

Daprè lepap aleksand 6, tout tè ki deja dekouvri ou byen yo gen pou dekouvri, si tè sayo sitiye nan lwès liy demakasyon-an, tè sa yo deja pou peyi lèspay, enpi tout lòt tè yo ki twouve yo nan lès liy demakasyon sa, peyi pòtigal reklame yo kòm pwopriyete prive yo.

Kidonk, panyòl ak pòtigè te panse chèf legliz katolik la, chèf nan non la relijyon, te gen otorite pou-l distribiye popilasyon sou latè tankou-l te kapab fè-l pou betay, pou bèt ki pa pou li.

Pandan kristòf kolon ap ranfòse koloni-an nan zile-a, moman –an rive pou-l retounen nan peyi lèspay, pou-l rekòlte lòt frui ekspedisyon an, enpi pou-l òganize vwayaj premye gwo kotenjan, premye gwo debakman kolon panyòl k-ap vin eksplwate,  k-ap vin piye richès zile-a. Kristòf kolon swete tou, tabli lyezyon komèsyal regilye ant sa-l te rele ansyen mond ak nouvo mond lan, kidonk ant lewòp ak lamerik. Nan dat 11 janvye lanne 1493 Kristòf Kolon kite zile-l te rele Ispanyola a pou-l retounen nan peyi lèspay.

Lè kristòf kolon ap pati pou-l retounen nan peyi lèspay, li kite 39 malveyan gason blan panyòl nan fò lanativite, li bay yo lòd pou yo dòmi yon je louvri yon je fèmen. Kristòf kolon pra-l pase apeprè yon lanne nan peyi lèspay, anvan-l retounen nan zile Ispanyola a

39 chèf eskanmòtè panyòl yo, pat tann kristòf kolon rive twò lwen sou chimen retou li, yo te kòmanse komèt zak vagabondaj. Yo vyole ti jenn fanm endijèn yo, yo vyole fanm tankou gason, yo vòlè, yo touye pou bon plezi. 39 chèf panyòl sa yo tèlman santi yo chèf anfas pèzib sitwayen endijèn yo, yo pa menm rann yo kont yo depase limit kasika maryen-an, pou yo vire sou yon lòt rejyon, yon lòt tèritwa, ki se kasika magwana-a. Baton-an pra-l blije chanje bout.

Kasik ki t-ap dirije kasika magwana-a, se te yon vanyan gason, yon endijèn ras karayib yo te rele kawonabo. Lè kawonabo resevwa enfòmasyon kòmkwa eskanmòtè panyòl yo depase bòn, depase limit yo, enben san k-ap koule nan vènn kawonabo prèske tounen vinèg. Li frape pye-l atè, enpi-l deklare: “sanginè  panyòl  yo rive twò lwen”.

Kawonabo reyini sòlda-l yo, enpi-l lanse kòkenn chenn atak sou fò lanativite-a. Kawonabo renmèt eskanmòtè panyòl yo monnen pyès la, li pase 39 brigan  panyòl yo alenfinitif, li brile  fò lanativite – a, ki redui tounen sann dife.

Malgre sa, kasik kawonabo pat santi-l fè tout sa-l te dwe fè, paske-l repwoche Gwakanagarik pasivite-l, se li menm ki te nan tete lang ak sanginè zenglendo panyòl yo, se li menm ki te ofri panyòl yo teren pou yo bati yon baz militè, se gwakanagarik, kasik chèf kasika maryen-an ki te tolere move zak panyòl yo. Pou tèt sa, kawonabo pwofite trase leson sou Gwakanagarik, enpi-l retounen sou tèritwa pa-l.

Pou kounye-a, se sèlman kèk mwa ki rete nan lavi pèzib endijèn yo t-ap mennen. Sèlman kèk mwa yo pra-l viv nan lapè, paske byen lwen nan peyi lèspay, kristòf kolon deja tanmen preparasyon yon lòt gwo  ekspedisyon militè.

Ekspedisyon sa, dezyèm ekspedisyon sa, se pa ekspedisyon swadizan dekouvèt, men se veritab ekspedisyon kolonizasyon brital.

Kristòf kolon ki vin gen tit vis-wa, kivledi wa annapre peyi lèspay, pra-l fè tout kalite fo pwomès pou-l rive jwenn moun, nouvo kolonizatè, lòt kolon, ki aksepte enskri non yo pou dezyèm ekspedisyon sa. Li separe boul lò, ak tout bèl pwodi atizana li te charye ak li pou ale nan peyi lèspay. Nou kapab konstate mo kolon an, ki se tit Kristòf Kolon pra-l tounen yon mo ki dezinye tout moun ki vin anvayi lòt peyi ki pa pou yo. Se apati mo : kolon an, nou jwenn lòt mo tankou kolonizatè. Se konsa, nou pra-l gen kolon blan franse, kolon meriken, kolon minista elatriye.

Pakèt sitwayen panyòl, pran nan kouran, yo gen gwo tanta, tout anvi al ranmase fòtin nan nouvo mond lan.

Plis pase 1500 blan panyòl deja prepare pou yo pran kanntè soti nan peyi lèspay pou yo vin chèche lavi nan peyi ki pra-l pote non peyi dayiti.

Wi, nan finisman kenzyèm syèk la, kididonk bò lane 1492 yo, se sitwayen ewopeyen, panyòl, pòtigal, franse, angle, olandè ki konn pran kanntè, se yo ki te bòt-pipòl pou yo ale dèyè lavimiyò nan zile peyi dayiti.

Alòs, kristòf kolon pare pou-l demare dezyèm ekspedisyon militè-l la ak plis pase 1500 panyòl, 17 gwo batiman ak anba lakal batiman yo boure ak tout kalite zannimo kochon, kabrit, bèf, chwal, mouton, chyen sovaj ak semans.

Dezyèm ekspedisyon sa dewoule san gwo tèt chaje.

Pami 1500 panyòl ki anbake yo, pa gen anpil maren. Nou plis jwenn kèk bizismann, machann zam, kèk avantirye chomè, volè  ak moun ki abitye komèt lòt move zak malonèt lapolis ap chèche, ki resi twouve mwayen pou yo chape pou-l yo, enpi anplis pou yo rive jwenn mwayen pou yo vin rich san fòse.

Anpil nan bòt-pipòl blan sayo te blije vann kèk ti byen yo te genyen pou yo te jwenn ti mwayen pou yo mete ti kòb nan pòch yo, enpi pou yo peye kapitè n batiman an.

Jou ap pase sou lanmè-a, tout vwayajè yo te gengen gwo kè sote lè yo ponkò wè zile sa kristòf kolon te pwomèt-yo-a. Men, yo te vin gen kè kontan lè yo te apèsi yon ti bout nan zile a.

Sepandan anvan dezyèm debakman sa, kristòf kolon te gen gwo kè  sote, paske-l pa apèsi fò lanativite-a. Nan ranplasman kote baz militè lanativite-a, se kakas la ki rete. Pou lakrentif pa anvayi pasaje yo, kristòf kolon pa fè okenn kòmantè sou disparisyon fò lanativite-a, men-l te pran prekosyon avanse batiman-l yo byen lwen parapò ak kote baz militè lanativite-a te ye oparavan an. Lè-l rive kote-l sispèk pa gen anpil endijèn, nan zòn montekris, li jete lank bato yo, enpi nan menm zòn lan li kreye yon lòt baz militè li batize Izabela, pou-l rann omaj ak larèn Izabèl lakatolik, rèn peyi lèspay. Otou baz militè-a, li bati premye vil ewopeyen sa ki rete pandan 7 lanne, kapital sa li te rele nouvo mond lan.

Dezyèm vil ki pral fonde ak Batolomeo, ki se ti frè Kristòf Kolon, se Nueva izabela ki te konstri sou rebò larivyè ozama. Nan lane 1496, Batolomeo pra-l tounen gouvènè zile-a. Aprè kèk ti tan menm vil Nueva izabela-a pral travèse la rivyè ozama, enpi, toujou nan lane 1496 la, li  pral pote yon lòt non ki se : Santo domingo, pou rann omaj ak papa kristòf kolon ki te rele Domingo Kolon.

Nouvo kolon yo pase plizyè jou ap debake 17 batiman yo.

Moman-an rive konye-a pou panyòl yo kòmanse itilize tout teknik,  pou fè endijèn yo tounen èsklav, pandan y-ap ranmase richès. Ak labib yo nan yon men, ak rigwaz yo, bout baton, koko makak yo nan yon lòt men, panyòl yo pat gen okenn pitye, yo maltrete endijèn yo konmsi se pa moun endijèn yo te ye.

Se konsa, se nan klima laterè sa-a, evanjelizasyon-an te tanmen nan zile peyi dayiti. Premye pawòl levanjil la, premye pawòl labib la, se nan sikonstans sa, li te kòmanse sou tèritwa ispanyola-a ki te pra-l chanje non pou-l tounen peyi dayiti.

Premye enplantasyon, premye enstalasyon blan yo sou zile-a pat fèt nan lòd. Chak moun konstri nenpòt kote ki fè yo plezi, paske yo jwenn tè, yo jwenn espas pou piyay. Pou eseye pote renmèd nan sitiyasyon anachi sa-a, kristòf kolon te blije tabli yon sistèm ‘’repatimyento’’, ki vledi distribisyon gwo moso tè ansanm ak plizyè pake endijèn yo anchennen pou fè yo tounen èsklav  pou yo fè travay fòse.

La tè nan zile-a te tèlman fètil,  tè-a pwodi tout kalite legim. Manje pra-l pwodi ak abondans. Sa pra-l tante, plis toujou, yon pakèt avantirye soti nan peyi lèspay pou yo vin senyen venn zile ispanyola-a, zile peyi dayiti. Anfas zak piyay, vyòl ak gaspiyay sa-yo, anfas imilyasyon pèp endijèn lan, rezistans endijèn lan pra-l òganize pou pote repons. Premye pami vanyan kasik ki pra-l revòlte pou pote danje-a nan kan kolonizatè panyòl yo, se karayib la yo rele : kasik kawonabo.

LISTWA DAYITI # 6 DWP

Laisser un commentaire

Votre adresse de messagerie ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *