PREMYE VWAYAJ  KRISTÒF KOLON SOU WOUT ZILE PEYI DAYITI

Kristòf kolon jwenn benediksyon wa ak larèn peyi lèspay pou-l antreprann gran vwayaj trans-atlantik la ki pral boulvèse listwa limanite.

Malgre-l te jwenn tout bourad li te bezwen nan lakou wayal la, amatè batiman, ak matlòt nan vil palòs pa-t chofe pou vwayaj la,  ni pou yo akonpanye Kristòf Kolon. Lè sa-a Penson pral blije reyaji, pou-l chèche mwayen jwenn batiman, enpi pou batiman sayo byen ekipe ak gwo zam fann fwa. Nan ti kras tan, ekspedisyon-an te gentan pare. Omwen 68 gason, plis etamajò-a ant 20 ak 30 sèvitè ak fonksyonè, san nou pa bliye plizyè ofisye wa-a ki vin fè  legetè, te deja foubi zam yo pou yo derape. Nan batiman sayo te gen yon total 120 moun, 120 piyajè .

Si penson pat fè pati vwayaj la, kristòf kolon t-ap kanmenm rive jwenn batiman ak ekipaj, men-l pa t-ap janm ka rasanble yon ekipaj ki solid tankou sa-l te gentan rasanble nan ti kras tan sa. Penson te ofri 2 pwòp bato-l, ki rele ninya ak pinta. Twazyèm karavèl la, ki pat fè pati rekizisyon yo, te rele Galega, la Mari-Galante.

Non dènye bato sa te pra-l chanje pou-l tounen : Santa-Mariya. Sepandan, maren yo ki te kwè anpil nan sòlòkòtò, te derefize chanje non bato-a, yo pa-t vle rele-l Santa- Mariya. Pou yo rive rezoud pwoblèm chanjman non-an, yo te prefere rele-l ‘’ la kapitèn’’ puiske se nan bato sila kristòf kolon te pra-l tabli katye jeneral li, se ladan-l li te enstale.

Nan premye vwayaj la, plizyè monpè pat enterese enskri non yo. Èske, se jwenn kristòf kolon pat rive jwenn lòt monpè ki gen fyèl pou pran risk patisipe nan yon gwo ekspedisyon konsa ? Nou pa konnen. Sepandan, monpè Batolomeyo de las casas te prezan. Antouka, nan dat 2 dawou 1492, tout preparatif te bout. Alòs kristòf kolon fè rekòmandasyon silayo : dabò yo pra-l navige nan direksyon lwès nan yon distans 700 lye, ansuit li entèdi pou vwayaj la rapousuiv pandan lannuit. Li te panse twouve Sipangu nan yon distans anviron 750 lye parapò ak zile kanari. Se konsa nan dat 3 dawou lane 1492, ekspedisyon an kite vil palòs. Nan dat 2 septanm 1492, yo rive nan zile Gomera, yo mete vwal batiman yo nan direksyon enkoni, yo pa konnen ki kote yo pral rive.

Denpi apre premye moman lakontantman yo, kristòf kolon pa sispann kreye lèspwa nan tèt maren yo, li fè kwè yo pra-l jwenn tè prese prese, yon fason pou kenbe moral maren yo. Tout ti siy li wè, tankou zwazo k-ap vole, ti pye zèb li jwenn sou lanmè-a kristòf kolon fè kwè yo pral jwenn tè. Men byen vit, siy sayo pa aji sou maren yo ankò, enpi yo kòmanse pèdi pasyans.

Nan dat 22 septanm lanne 1492, nan jounal ou byen ti kanè nòt kristòf kolon, gen yon zafè konplo ki ekri. Konplo ak vyolans, ajitasyon, pou-n pa di lesefrape. Nan dat 6 oktòb lanne 1492, kristòf kolon reyini komite ki chaje pou pran desizyon. Li pwofite mete 2 kapitèn lòt 2 bato yo okouran sou revòlt k-ap marinen sou bato santa-Mariya a. Gras ak prezans penson, yon ti kalmi retounen, paske penson deklare, li p-ap retounen nan vil palòs toutotan-l pa jwenn lòt tè. Se reyaksyon sa ak apui sa, kristòf kolon t-ap tann. Penson pral jwe yon lòt wòl detèminan ankò jou sa-a. Li mande kristòf kolon pou yo chanje direksyon wout la, pou yo mete kap sou wout sidwès. Se gras 2 entèvansyon kapital sayo ki soti bò kote penson ki te pèmèt kristòf kolon debake nan kontinan meriken-an.

Nan dat 8 oktòb lanne 1492, maren yo remake plizyè zwazo k-ap vòltije otou bato yo. Zwazo sayo gen sanblans ak zwazo ki abitye viv sou tè.

Nan dat 11 oktòb lanne 1492, lòt siy parèt : maren yo remake sou lanmè-a plizyè jon ki fenk fin koupe, yo wè banbou, yon baton byen eskilte, yon moso planch ki pa parèt tankou natirèl. Enpi, yo remake yon jako. La, yo kòmanse gen garanti yo preske rive jwenn tè, enpi tè sa gen moun ki abite sou li. Enpi britsoukou tè parèt anba zye maren yo. Se te nan dat 12 oktòb lanne 1492, byen bonè nan maten.

Ki moun ki te premye wè tè-a? Plizyè temwen di se te Bèmejo, alyas Rodrigo de triyana, yon maren ki te sou bato la pinta a ki te premye apèsi tè gras ak lalin ki te klere-l. Menm maren  sa gentan tire yon kout kanno, enpi-l rele di : “Me Tè “  !!!!!!

Sepandan ,nan kanè nòt monpè  Batolomeyo de las casas, li ekri se Rodrigo de Triyana, ansanm ak kristòf kolon ki te premye wè tè-a. Pou kisa kristòf kolon te triche, te fè manti di-l te premye wè tè-a? Se paske larèn Izabèl, rèn katolik nan peyi lèspay, te pwomèt yon rekonpans 10.000 maravedi chak lane pou maren ki ta premye wè yon tè tou nèf.

Sa ki pi rèd, kristòf kolon ki fin resevwa kòb sa, 10 mil maravedi, nan men larèn Izabèl, li pa separe-l ak Rodrigo de Triyana. Li klase tout kòb la nan pòch dèyè-l. Sa pwouve kòman kristòf kolon pat yon moun onèt. Zak sa te revòlte Rodrigo de triyana ki endinye. Lakòz zak trayizon sa, lè y-ap retounen yo te pase pa kontinan afriken-an, Rodrigo de triyana prefere rete nan kontinan afriken-an, li chanje relijyon, li konvèti nan relijyon mizilman, li vin tounen mawometan.

Nan menm dat 12 oktòb lanne 1492 la, ekipaj yo akòste bato yo nan yon ti zile, abitan zòn lan te rele Gwana-hani. Kristòf Kolon deside chanje non-an pou-l rele zile sa: sann salvadò, kivledi sen sovè. Kristòf kolon pat chwazi non sa nenpot kijan. Paske apre 2 mwa navigasyon sou lanmè, Kristòf te kòmanse gen lakrentif pou maren ki te  akonpanye-l yo pat mare-l, jete-l nan lanmè, enpi pou yo retounen nan peyi lèspay, paske yo ponkò te ka jwenn latè.  Nan ti zile sa, yo pwofite plen veso yo dlo ak frui, ak zepis, enpi yo pati al dèyè pi gwo zile ki gen plis richès. Nan epòk sa pat gen frijidè pou konsève manje. Lè yo mete bon zepis nan vyann yo, vyann sayo konsève pi byen, pandan plis tan ak bon gou. Se pou sa nan epòk sa, zepis te konsidere tankou gwo richès.

Kouran dlo yo mennen bato yo nan zile peyi kiba, enpi nan zile peyi dayiti. Premye chèf panyòl yo te panse, se bese yo te pra-l bese pou yo ranmase lò atè tankou wòch, tankou grenn sab.

Enben, yo pa-t twonpe paske dlo larivyè t-ap charye lò an gran kantite. Lè kristòf kolon ansanm ak anvayisè okipan parèy li yo te konstate richès ki t-ap trennen atè konsa, yo te vle fou, men yo te vle konnen ki kote yo te kapab jwenn plis lò toujou. Kristòf kolon ki t-ap chèche sipangu ak gran Ka-n ki ta sanse dirijan sipangu, pou-l renmèt li lèt souvren panyòl yo te voye pou li, enben kristòf kolon rive nan lòt peyi.

Premye lide ki pase nan tèt kristòf kolon se pou-l ta konvèti endijèn yo, aborijèn yo nan relijyon katolik. Pou-l rive fè sa pi byen, li kòmanse aprann yo kèk mo panyòl, yon fason pou aborijèn yo kapab montre-l ki kote-l kapab twouve plis lò. Kantite lò panyòl yo, ansanm ak kristòf kolon rive ranmase, pèsonn pa ka evalye-l. Anplis se pa sèlman lò ki  te genyen kòm sous richès. Yo dekouvri tè-a, se yonn pami tè ki pi fètil, ki plis ka pwodi tout kalite manje.

Lòt resous, kristòf kolon te konte pami sous richès li swadizan dekouvri, se pakèt aborijèn yo ki akeyan,  pasifik, nayif, enpi san zam. Li gentan reflechi sou tout avantaj li pral tire ak pèp aborijèn vilnerab sa-a.

Premye desizyon kristòf kolon adòpte, se fòse-l fòse aborijèn yo travay nan min lò, pou yo charye lò pote pou li. Li deja fè kalkil li, yon uityèm nan benefis ekspedisyon-an ap rete pou li.

Lòt mezi kristòf kolon te pran ankò, li te deside depòte pou ale nan peyi lèspay plizyè aborijèn pou yo al tounen èsklav. Pandan vwayaj nan bato yo, anpil nan aborijèn sayo mouri ak endiyasyon ak grangou ak swaf ak imilyasyon. Se konsa kristòf kolon te rive mare, anchennen anpil aborijèn pou-l al vann yo nan plizyè peyi ewopeyen.

Dayè, lè-l retounen apre dezyèm vwayaj li-a, kristòf kolon te anchennen pou pipiti 500 èsklav aborijèn li te ekspoze nan mache nan vil seviy ki twouve-l nan zòn sid peyi lèspay. Listwa rapòte, se premye trafik vann moun Wa Fèdinan ak larèn Izabèl ak tout gwo potanta nan peyi lèspay  te tanmen ak benediksyon legliz katolik. Kristòf kolon te rantre nan  trafik malonèt sa-a, nan lentansyon pou-l anrichi tèt li pi vit. Pèsonn pa janm konnen ki sa èsklav aborijèn sa yo te devni nan peyi lewòp yo.

Kesyon nou dwe poze : se Ki wòl legliz katolik, yerachi legliz katolik nan zak demeplè sa yo ? ki patisipasyon dirèk ou byen endirèk sen-syèj la, ak pap Aleksand 6 nan sa yo abitye rele dekouvèt amerik la, men ki an reyalite yon veritab okipasyon, kolonizasyon brital ?

LISTWA  DAYITI   # 4 DWP

Laisser un commentaire

Votre adresse de messagerie ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *