PREMYE DEBAKMAN KRISTÒF KOLON SOU ZILE  KI  PRA-L POTE NON : PEYI DAYITI

Premye debakman Kristòf Kolon nan zile ki pra-l pote non : PEYI  DAYITI

6 Desanm 1492  se dat kòf trezò zile peyi dayiti premye kraze. Èskanmòtè blan panyòl debake an chango pou vin dechèpiye lò ki blayi  nan tout mòn yo, tout rivyè, tout kannal ki genyen nan zile-a. 6 desanm 1492, se dat tou kote san anpil aborijèn pra-l koule.

Pou endijèn  yo, dat  6 desanm 1492, se premye jou kalamite-a ki te kòmanse, kote plis pase yon milyon kretyen vivan nan mas endijèn lan, pral disparèt pandan yon peryòd tan sèlman 15 lanne. Premye anvayisè blan pan-yòl yo te san pitye.

Jou maten 5 desanm 1492, nan pwent nòdwes zile-a, syèl la pat gen yon ti kal nyaj, lanmè a t-ap monte desann anba yon ti van livè, yon ti van fredi.  Endijèn yo te reveye ak solèy enpi kèk nan yo te desann sou plaj la pou ranmase kokiyaj vag lanmè-a charye  pandan lannuit sou sab la. Lè yo t-ap gade nan fon lanmè a yo wè 3 pwen nwa ki t-ap vanse tou dousman soti byen lwen lantman men ki t-ap gwosi tanzantan sou lan mè-a.

Solèy la ki t-ap leve te bay aparans konmsi-l t-ap suiv yo, moun yo te gen la krentif, grenn je yo te fikse sou etranj  kokiy gwo batiman sa yo ki t-ap gwosi ki t-ap pwoche sou yo. Souvni kannòt karayib yo pa-t pèdi nan memwa yo, enpi endijèn yo te panike, yo te bandonnen plaj la pou rantre nan vilaj la pou yo te kouri al sere nan forè a. Pwen nwa yo te vin tounen twa gran bato ki fèt an bwa ak vwal ki te deja akòste arebò lanmè-a.

Anvayisè blan panyòl yo sezi wè bèl zile sa. Y-ap poze tèt yo kesyon: sou kòman yo rele bèl peyi sila? Men sanble pa gen moun k-ap viv sou zile sa? Panyòl yo tire plizyè pyès kanno pou yo fete swadizan dekouvèt yon bout tè tou nèf. Vapè poud kanno yo te gaye sou lanmè- a, nan lè- a ak sou tè- a. Sanginè panyòl yo te òganize yo konsa: yo prepare kwiy pou mete dlo, sak pou mete frui, plon ak poud pou al chase jibye, enpi lè yo pra-l travèse larivyè, se ak men yo pral bese pou ranmase lò ki te gaye atè-a.

Debakman an, te prevwa pou demen jedi 6 Desanm lanne 1492. Pou fèmen jounen mèkredi 5 desanm lan, zenglendo panyòl yo te tire plizyè lòt  kout kanno nan zile-a, pandan yo batize zòn kote 3 bato yo akòste a: Pò sen nikola, ki pra-l tounen mòl sen nikola. Non sen nikola- a, se non yon evèk, yon monsenyè blan panyòl, yo te abitye selebre dat 6 desanm chak lanne nan legliz katolik. Kalamite pèp endijèn lan deja kòmanse.

9 èskanmòtè blan panyòl, ame tankou seza, glise soti nan yonn nan twa (3) bato yo pou travèse  ale nan yon ti kannòt. Apre yo fin tire règ kout zam, 9 eskanmòtè yo te gen tan sou sab zile-a. Pou te pèmet yo pran kontak  ak endijèn yo, kristòf kolon te kidnape yon jènn gason nan san Salvador pou te sèvi ak li kòm entèprèt. Yo te fè-l mache nan tèt twoup la, pou sizoka nenpòt danje, se ti endijèn lan k-ap pèdi lavi-l an premye. Yo te kaptire yon ti fanm endijèn toutouni, ki te gen yon gwo grenn zanno lò nan nen li. Kristòf Kolon fè ti dam sa kado yon ti klòch ak yon miwa, yon ti moso glas moun ka wè vizaj li ladan-l, enpi-l kite ti dam sa ale. Paran ti fanm endijèn sa te konsidere ti klòch la ak ti miwa-a, tankou yon gwo kado. Sa pèmèt plizyè lòt endijèn vanse pi pre Kristòf Kolon.

Aprè yo te fin travèse divès pas dlo nan biskèt yon vilaj endijèn yo, ki gen yon santèn ti kay konsa, gid la ki te akonpanye yo, li te lanse apèl bay endijèn yo. Yon ti tan apre, yo te wè kèk gason ak fanm endijèn ki t-ap parèt dèyè fèy bwa yo,  ak tout lakrentif. Endijèn yo te mefyan, men yo te nayif. Yo vin akeyi  kristòf kolon ak tout bon kè yo. Endijèn yo te pote frui, dlo dous, chika, bay blan panyòl yo. Yo te ofri ladòmi bay etranje yo nan pwòp ti joupa yo. Epoutan, malgre ensistans endijè n yo, blan panyòl yo te retounen sou bato yo, kote hidalgos yo, kidonk chèf panyòl yo t-ap tann blan yo ak anpil enpasyans. Anvan-l retounen arebò lanmè-a ankò, kristòf kolon ki te panse-l te tou pre zòn lwès peyi lend, te konsidere tout endijèn yo tankou se endyen yo te ye. Alòs an verite, se nan kontinan ameriken-l te ye. Amiral kristòf kolon te panse tout sa li batize se te pou li. Se konsa li tanmen fòme twoupo èsklav li.

Nan dat 7 desanm 1492

Byen bonè nan maten, Kristòf kolon leve lank bato yo li pran direksyon lès, kote-l jwenn yon ti zile ki gen fòm yon tòti. Li rele ti zile sa zile latoti. Nan dat 8 desanm 1492, Kristòf Kolon kontinye ap navige, li jwenn yon gran anbouchi, li pral rele pò konsepsyon paske dat 8 desanm chak lanne se fèt imakile konsepsyon nan legliz katolik.

Nan dat 12 desanm 1492

Kristòf kolon ansanm ak blan panyòl yo te òganize yon pwosesyon enpi yo te plante yon gwo kwa an bwa sou plaj la. Nou kapab di se premye manifèstasyon relijyon kretyen sou zile-a, enpi li tou pran posesyon zile-a. Li te bay zile-a pote non « Isla Espanyola«  kivledi: zile blan panyòl, ki pral  chanje non pou-l rele: “Ispanyola” kivledi “ti Lèspay”. Lè kristòf kolon te retounen nan peyi lèspay, gwo potanta yo te poze-l  kesyon sou koman  zile- a prezante, li te pran yon fèy papye, li chifonnen-l, enpi-l depoze-l sou yon tab, enpi-l te deklare « me koman ispanyola reprezante, se yon tè ki gen anpil mòn”.

Kwa sa, kristòf kolon te plante sou zile ki pra-l tounen peyi dayiti a, li te plante-l nan non relijyon katolik ak nan non la rèn ak wa peyi lèspay ki te peye-l pou vwayaj sa reyalize. Gran kwa sa pra-l tounen nan peyi dayiti, ak nan plizyè peyi pòv, yon kwa ki senbolize lanmizè, senbòl linyorans, senbòl baboukèt ak senbòl eksplwatasyon moun, kote sistèm èsklavaj la pra-l rive tabli pou toutan apati travay ideyolojik, travay nan lèspri endijèn yo ak moun ki gen koulè po kò nwa, pou favorize soumisyon yon klas moun, yon ras moun, ki se ras endijèn-ameriken yo, yo toujou kontinye ap rele endyen, ak ras nwa-a.

5 Desanm ou byen 6 desanm 1492 ?

Apre 10 lanne kolonizasyon, kristòf kolon te pèdi tout nannan, tout ji nan kò-l, paske li te temwen, li te patisipe nan plizyè masak kont limanite ; li te vin fatige. Madichon pou kristòf kolon. Jis jounen jodi-a, anpil pèp sou latè sitou nan kontinan meriken an, yo nan lapenn lakòz debakman kristòf kolon an.

Nou ponkò konnen pou kisa plizyè liv listwa retni dat 5 desanm nan lanne 1492, pou yo selebre debakman kristòf kolon sou tè peyi dayiti. Petèt nan dat 5 desanm 1492, 3 bato yo : la penta, la Ninya, ak la Santa Mariya te deja sou lanmè, ki konsidere fè pati tèritwa peyi dayiti. Men plizyè liv listwa ekri, se nan dat 6 desanm nan lanne 1492 kristòf kolon ak blan pan-yòl  yo te debake nan peyi dayiti nan zòn Nòdwès peyi-a, kote nou rele kounye-a mòl-sen-Nikola. Se nan dat sa-a, ak nan zòn sa-a kristòf kolon te plante lakwa legliz ak relijyon katolik,  lakwa lawont nan tè peyi dayiti. Jounen 6 desanm, se jou fèt yon sen nan legliz katolik yo rele sen Nikola, se sa ki te fè kristòf kolon batize zòn sa ki te toujou konsève non-l gen jodi-a ki se sen nikola. Men kit se 5 desanm, kit se 6 desanm se yon dat lawont. Lontan yo konn fè ti ayisyen mete ajnou pou adore kristòf kolon, konmsi se yon bon bagay li te fè, lè li te debake nan peyi dayiti.

Fòk nou pa bliye, se blan franse ak blan panyòl ki ekri listwa peyi dayiti, pou timoun aprann. Enpi, pi fò nan lekòl yo, se legliz katolik ak legliz pwotestan ki kontwole yo ; sa lakòz pi fò nan pwofesè listwa dayiti, pi fò nan malveyan ki kache verite sou listwa peyi dayiti, yo tout konnen, se lakòz debakman kristòf kolon sou tè peyi dayiti ak yon kòlonn asasen blan panyòl ki te lakòz  masak ak disparisyon prèske tout abitan ki te rete nan zile peyi dayiti-a. Blan yo te rele abitan sa yo Endyen. Kristòf kolon ak blan panyòl yo te touye endijèn yo, ki se premye abitan zile-a, blan yo te fòse Endijèn yo travay di pou bay blan manje bati kay pou blan rete, pou fouye anba tè-a pou yo chèche richès pou blan pote nan peyi yo. Si dat 5 desanm se yon jou fèt, enben se yon jou fèt pou tout desandan zenglendo blan yo ki te fè kadejak sou richès peyi dayiti ak sou tout Endijèn ki te ladan-l. Si dat 5 desanm se yon jou fèt, enben se jou fèt pou gwo chèf legliz ki te bay blan kristòf kolon benediksyon nan non larelijyon pou vin fè pèp Endijèn ak pèp Nwa tounen èsklav. Si dat 5 desanm se yon jou fèt, enben se jou fèt pou desandan blan yo ki kontinye ap jwi richès tè peyi dayiti. Si 5 desanm se jou fèt, enben se fèt pou tout lènmi libète, se fèt pou tout ansyen zenglendo blan, se fèt pou tout malfektè. Nan dat 5 desanm, nou menm pèp Ayisyen nou p-ap fete ankò, paske nou gen gwo la pènn, se lakòz dat 6 desanm 1492 nan non relijyon, blan yo te deside al chèche ti nèg nwè nan peyi lafrik, pou mennen yo nan peyi dayiti, pou yo vin ranplase Endijèn yo te fin touye,  Endijèn yo te fin ekstèminen. Dat 5 desanm se pa yon jou fèt, se pa yon jou kè kontan pou pèp Endijèn ni pou pèp Ayisyen, se yon jounen dèy, yon jounen lawont. Yon jounen dèy, paske se apati dat sa, lèsklavaj te kòmanse nan peyi dayiti, se yon jounen dèy paske se apati dat sa, blan yo te pwouve yo konsidere moun nwa tankou enferyè parapò ak yo menm. Dat 5 desanm ou byen 6 desanm, se yon dat lawont, paske se denpi lè sa blan yo te kòmanse fè nou kwè pèp nwa pa kapab dirije pou kont yo, fòk se blan ki  toujou dirije pou nou. Dat 5 desanm ou byen 6 desanm, se yon dat granmoun Ayisyen pa dwe janm bliye, se yon dat timoun yo pa dwe janm bliye, se yon dat madichon se yon dat malè. Lè kristòf kolon te debake ak lòt blan yo, yo te pote la relijyon, yo te pote fizi ak masak, yo te pote lèsklavaj, yo te pote lanmizè. Si jodi a, nan lekòl, yo pa tèlman pale timoun de dat 5 desanm ou byen 6 desanm 1492, se paske gen plizyè lekòl ki abitye patisipe nan konplo kache laverite, paske yo wont pale de krim sa yo, blan yo te komèt sou Endijèn ak sou pèp nwa yo.

Men nou pa dwe kache la verite sou listwa peyi nou, paske gen yon save ki di konsa : « si yon pèp pa konnen sa ki te pase l, si yon pèp pa konnen listwa li , enben pèp sa kondane pou li reviv menm pase sa, menm listwa sa ankò, sou menm fom lan, ou byen sou yon lòt fom. Enpi li pa nòmal pou se asasen yo sèlman ki pou konnen listwa peyi nou » Tout granmoun, tout timoun Ayisyen nou dwe konnen listwa peyi nou, sitou nou dwe konnen nan dat 5 desanm ou byen nan dat 6 desanm tout Ayisyen gen lapenn , tout Ayisyen tris, tout Ayisyen pè pou sa pa rive ankò. 5 desanm 1492 se pa vre, se pa te dekouvèt peyi dayiti. Nou p-ap fete 5 desanm ankò. Nan dat 5 desanm, n-ap mete rad nwa,  n-ap mete drapo nou demi-ma. Listwa peyi dayiti dwe toujou rete vivan. Madichon pou kristòf kolon. Madichon pou tout moun yo ki te voye kristòf kolon vin touye Endijèn yo, vin touye pèp nwa a. Madichon pou yo !!!

Kristòf kolon pat debake sou yon zile sovaj tankou li te vle fè kwè-l. Tè li te pile-a t-ap gouvènen ak 6 kasik : Gwaryonèks, Kotibanama, Kawonabo, Gwakanagarik, Boekyo ak Anakawona. Kasik Gwaryonèks  t-ap renye nan zòn Magwa, kivledi « wayòm plenn nan ». Kapital Magwa ki se Maragwa, te twouve-l nan zòn kote blan panyòl yo pra-l fonde vil konsèpsyon de la vega. Pisans kasik Gwaryonèks te tann nan tout nò ak lès zile-a, jis  rive nan lanmè kap Rafayèl pou bout nan vil Izabela.

Kotibanama, yo te rele tou Kayako, se kasik pou zòn, Igwey. Kawonabo ki te soti nan ras karayib, li t-ap gouvènen Magwana. Boekyo ansanm ak la rèn Anakawona te gen reny yo nan zòn Zaragwa. Anfen, Gwakanagarik te gen tout domèn maryen an sou dominasyon-l. Se nan kasika Gwakanagarik la, kristòf kolon te poze pye-l nan dat 6 desanm 1492 ansanm ak yon pakèt zenglendo blan panyòl.

Gwakanagarik : te yon nèg ki renmen lapè, ki renmen inyon, ki akeyi moun byen. Denpi nan premye kontak yo, li te pwopoze kristòf kolon pou-l vin akòste bato-l yo anfas bouk ki te sèvi-l kapital tou pre anplasman vil ki vin pote non okap-ayisyen jounen jodia.

Debakman blan panyòl yo nan zile-a, lakòz endijèn yo pa sispann poze tèt yo kesyon, paske etranje yo debake ak anpil bagay yo pa abitye wè, tankou kalite rad yo, gwo zam fann fwa, bijou yo te pote ki fèt ak krizokal, pandan endijèn yo t-ap fè tout sa yo kapab pou byen akeyi etranje yo, panyòl yo menn, y-ap prepare move kou.

Nan lannuit 24 pou rive 25 desanm 1492, santa-mariya, yonn nan bato Kristòf Kolon yo, te monte sou resif, yon gwo wòch, li fè nofraj, nan zòn bodmè limonad ki twouve-l nan nò zile-a.

Lè Gwakanarik te konstate difikilte kristòf kolon te genyen pou-l viv ak 3 ekipaj sou 2 batiman, li te ofri kristòf kolon pou-l vin enstale-l sou tè enpi-l dispoze bay tout èd li te kapab bezwen pou-l rejwenn kakas bato  ki te kraze-a, pou-l te kapab konstri yon kanpman. Jès kasik la te byenvini. Men, Kristòf kolon p-ap kapab kontinye kache anbisyon-l genyen.  Gwakanagarik te sezi konstate pakèt konstriksyon ki plis sanble ak yon fòterès pou fè lagè, kristòf kolon te reyalize olye yon ti vilaj dapre antant ki te pase ak Gwakanagarik. Kristòf kolon batize fò sa-a « fò lanativite »

Aprè 2 mwa y-ap viv ansanm, relasyon ant endijèn yo ak blan panyòl yo pat ankò gen pwoblèm. kristòf kolon te ekri bay konpanyon-l yo ti memo sila, li ekri :   wa peyi endyen yo fè-m lonè pou-l rele-m frè li, enpi li trete-m tankou frè li. Si santiman-l ta vin chanje, nou menm blan panyòl nou gen avantaj paske ni li menm, ni moun li yo pa konn manyen zam, yo pa konn fè lagè. Monpè Batolomeo de las Casas te deklare : «  endyen yo pa gen ni lanbisyon, ni ògey, ni anpil lòt vis ak move defo nou menm blan panyòl nou genyen. Pa konn gen okenn lese frape nan mitan yo, yo antann yo fasilman yonn ak lòt san divizyon».

Men ekspedisyon kristòf kolon an pat vini pou fè touris. Li te vini pou kolonize, konvèti endijèn nan relijyon katolik, enpi dechèpiye richès endijèn yo. Sipriz dekouvèt la pase, kolon yo reprann fòs yo, se moman kounye-a pou kolon yo pase nan bagay serye. Baton-an pral chanje bout. Zile-a, ki te konsidere tankou paradi sou latè, vin tounen lanfè lakòz prezans blan panyòl yo.

LISTWA  DAYITI (# 5) DWP

Laisser un commentaire

Votre adresse de messagerie ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *