YOURI LATÒTI SAZINEN JACQUES DUBOIS NAN VIL OKAP

Nan dat samdi 20 avril 2018, yon animatè òkès Tropikana Dayiti yo rele Jak Dibwa pèdi lavi l nan okazyon yon rasanbleman politik Youri Latòti t ap òganize nan vil okap. Nan okazyon an plizyè sitwayen blese, plizyè moun manke mouri toufe ak gaz lakrimojèn.

Pandan n ap denonse avadra ki gaspiye fon petrokaribe a, nou panse l enpòtan pou n analize evènman jou samdi 28 avril la pou n idantifye tout koupab ki merite chatiman. Tout raketè ki kraze 3,8 milya dola vèt petrokaribe a, se gwo bonèt, lajistis ponkò ka fouke nan kontèks politik nou ye jodya. Nou dwe rete vijilan pou evite politisyen san koutcha kase fèy kouvrisa lè yo fin antann yo sou pataj avantaj ekonomik ekonomik sou menm dosye petrokaribe a.

Nan dat samdi 28 avril 2018 la, gen moun mouri, gen tantativ asasina kolèktif pou n pa di jenosid.

Nan kad kanpay elèktoral li, Youri Latòti òganize premye miting elèktoral li nan vil okap sou tèm  “fon petrokaribe a”. Youri ap eseye pran woulib sou tèm petrokaribe a pou fè moun bliye li menm tou se yon petro senatè, yon bawon non l site nan asasina monpè Janmari Vensan ak Antwa n Izmery, yon blanchisè tout kalite lajan sal,  ki patisipe nan pi wo nivo nan  tout pouvwa politik denpi lajan petrokaribe a rive nan peyi dayiti. Nou jwenn Youri Latòti sou Preval, sou Mateli, sou Privè. Youri pat janm denonse zak briganday petrokaribe a pandan l t ap souse manmèl, pandan l t ap nonmen patizan politik li nan tout gwo pòs desizyon pouvwa a pou yo manje lajan an tout jan tout mannyè….

Dayè, jou samdi 28 avril 2018 la, moun ki te vin asiste Youri Latòti k ap rablabla, yo te pran tan, yo tande Youri k ap radote, apre sa pou yo poze kesyon. Premye kesyon yo te poze Youri se: èske l kase kès Ofis Nasyonal Asirans (ONA) a vre?. Youri ap begeye li ponkò ka jwenn repons.. Dezyèm kesyon yo poze Youri: se ki wòl li te jwe kòm gwo konseye mateli ak lamòt ki  te kraze pifò nan kòb petrokaribe a, èske l pat manje nan lajan petrokaribe dirèkteman ak endirèkteman?…. Sal la bouyi ak aplodisman… Youri anpetre li pa ka reponn…. Popilasyon an tanmen rele chalbari dèyè Youri Latòti….Se lè sa a gen konsiy ki pase pou kabouyay pete….  Grenad lakrimojèn espesyal  eksploze…..Jak Dibwa mouri, anpil moun blese

Moun ki ka posede kalite grenad lakrimojèn sayo se Youri, lapolis,  patizan tèt kale. Ekip Youri  te gen total kontwòl sal konferans lan, yon sal  yo chwazi ki gen yon sèl rantre ak yon sèl sòti.

Kesyon n ap poze: Ki moun ki koupab nan zak sazinay Jak Dibwa??? Eske  òganizatè rankont lan nan yon sal simityè konsa pa premye responsab?….Puiske ajan sekirite Youri yo te fouye tout patisipan ki rantre , èske bonb lakrimojèn yo eksploze se pa mwayen divèsyon pou pwoteje evakyasyon, deplasman Youri an katastwòf?

Alatraka papa, vòlò ipokrit je chèch Youri Latòti ap rele bare vòlò parèy li.

Dirijan pati Mouvman Revolisyonè Ayisyen (M.R.A.) pataje lapenn ak tristès fanmiy, zanmi ak kolaboratè Jak dibwa nan òkès Tropikana Dayiti. Malerezman nou pa ka konte sou aparèy jistis kòwonpi pou mete kòd  nan kou responsab zak sazinay sa, paske menm aparèy jistis sa anba men Youri Latòti. Sepandan popilasyon an dwe rale kreyon l pou l make, pandan l ap prepare mobilizasyon san pran souf la….Viktwa final, se pou pèp òganize, se pou pèp mobilize, se pou pèp solidè ki pa janm sispann batay…..

Pati Mouvman Revolisyonè Ayisyen (M.R.A.

30 avril 2018

Laisser un commentaire

Votre adresse de messagerie ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *