PÈSEKISYON POLITIK SOU SENATÈ NÈNÈL CASSY

Yon lòt fwa ankò gouvènman jovnèl la deside atake dirèkteman senatè Nènèl Cassy atravè polisye ki afèkte nan sekiite senatè a. Se pa premye fwa ni se p ap dènye fwa.  Nou pa dwe janm panse se yon senp operasyon entimidasyon. Se pito yon siyal kòmkwa diktati jovnèl la monte nivo egzekisyon plan pou l elimine tout opozisyon anfas li pou satisfè enterè oligachi a ak etranje yo. Nou dwe konprann Nènèl Cassy se yon kat make ki kanpe dan di anfas jovnèl. Tout kanmarad, tout òganizasyon ki chwazi akonpanye popilasyon an menase.

Dirijan Pati Mouvman Revolisyonè Ayisyen M.R.A. mande tout militan M.R.A. ak popilasyon an pou yo kontinye manifèste soliidarite yo ak Senatè Nènèl Cassy,  tout jan yo kapab. Diktati jovnèl la ap vanse sou nou, nou pa dwe rekile, nou pa dwe plenyen, ni mande blan ak oligachi a tanpri souple…. Okontrè, nou dwe djanmen fòs nou pou n fè fas kare a. Moun sa yo p ap pataje pouvwa ak mas pèp, ni gouvènen anfavè pèp… Moun sayo prèt sèlman pou yo lage ti ponyen zèb nan bouch kèk opòtinis raketè pami nou, pou yo kontinye divize nou, pou n fèmen bouch nou  pandan y ap  elimine nou grenn pa grenn, pou yo ranfòse menm sistèm peze souse a.

Nou panse swadizan dyalòg ak jovnèl ou byen ak moun yo ki chouke jovnèl nan palè nasyonal la, se koulwa dilatwa pou tenyen dife petrokaribe a, se sèkèy pou antere flanm mobilizasyon pèp ayisyen an ki deja anvayi ak petwokonsyans lan. Mouvman petrodechoukay la dwe òganize, pou n vin gen fòs enpoze yo volonte popilè a… Li posib, paske viktwa final, se pou pèp òganize, se pou pèp mobilize, se pou pèp solidè ki pa janm sispann batay

Pati Mouvman Revolisyonè Ayisyen M.R.A.

Ayiti, 28 novanm 2018

Laisser un commentaire

Votre adresse de messagerie ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *