ENTWODIKSYON SOU TRANCH LISTWA DAYITI

Savalouwe, pou tout moun k ap li listwa dayiti.

Plizyè moun rakonte listwa peyi dayiti. Chak moun sa yo rakonte listwa peyi dayiti, selon vizyon pa yo, selon objèktif klas yo ladan l, ak selon objèktif klas moun, yo chwazi defann enterè l.

 

Pami moun sa yo ki rankonte listwa dayiti, gen nan yo ki pa di ase, paske yo pè di laverite. Gen nan yo tou, ki fè anpil manti. Sa lakòz vin gen plizyè kalite listwa dayiti, k ap rakonte nan peyi dayiti, ak nan peyi letranje.

TeleRadyoAtlantik prezante,  yon lòt fòm listwa dayiti, anba je tout moun ki konnen deja, anba je tout moun ki te mal aprann listwa peyi nou, ak anba je tout moun ki pat gen chans konnen listwa peyi dayiti, swa paske yo ponkò te konn li, swa paske se lènmi pèp ayisyen an ki te rakonte yo listwa peyi dayiti….

Se vre, se yon lòt kout bagèt, sou listwa peyi dayiti.

 

Ayibobo pou tout moun ki pran tan aprann listwa dayiti.

Si yon pèp pa konnen pase li, si yon pèp pa konnen listwa li, enben pèp sa kondane pou l reviv menm pase sa a, menm listwa sa ankò, sou menm fòm lan ou byen sou yon lòt fòm.

 

Pran kou bliye, pote mak sonje…..Se pou rafrechi memwa pèp ayisyen an, nou envite granmoun tankou ti moun, konnen listwa dayiti. Wou menm k ap li Listwa dayiti, tanpri, envite lòt moun konnen vrè listwa dayiti, konsa, listwa peyi dayiti, ap toujou rete vivan…

 

Listwa Dayiti,  sou TeleRadyoAtlantik

 

Laisser un commentaire

Votre adresse de messagerie ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *