ELÈKSYON 29 NOVANM 1987

2 diskou diferan nan mitan menm legliz katolik la, pèp la ap gade monsenyè  yo, chèf legliz katolik la  ki pa ta renmen mouvman an derape nan men yo. Yo pral antreprann aktivite ki pèmèt yo kontinye gen kontwòl lespri mas la, se konsa yo mete sou pye yon kanpay alfabetizasyon sou non misyon alfa . Men ki moun  ki pral egzekite misyon sa a ? Se toujou monpè ti legliz yo ki pral pwofite pou yo pouse bouchon batay pou liberasyon an pi lwen toujou. Monsenyè yo pete kòken, yo fèmen pwogram alfabetizasyon an. Lame dayiti monte konplo pou yo sazinen yon monitè alfa yo rele Chalo Jaklen. Emisyon listwa dayiti bese chapo l byen ba pou li salye kouraj militan sa, Chalo Jaklen, ki mouri pou libète pèp ayisyen an. Nan dat 7 novanm 1986 yon gwo manifestasyon rasanble plis pase 20 mil moun k ap reklame pou zak sazinay militan sispann, pèp la reklame dechoukay Konsèy Nasyonal Gouvènman (K.N.G.) a .

Konstitisyon 29 mas 1987

Nan dat 19 oktòb 1986, konsèy nasyonal gouvènman an deside chwazi plizyè sitwayen pou yo fòme sa yo rele asanble konstitiyant ki pral gen wòl ekri yon lòt konstitisyon chifon pou peyi dayiti. Se nan dat 29 mas 1987 yo te adòpte konstitisyon sila. Apre 184 lane lendepandans peyi dayiti, sa fè 28 konstitisyon nan listwa peyi dayiti. Konstitisyon 1987 la bay palmantè, depite senatè yo plis pouvwa, li pwopoze sou papye, plis desantralizasyon. Konstitisyon sa pwevwa se 2 lang pèp ayisyen an pale : fransè ak kreyòl. Petèt nan yon lòt konstitisyon yon jou, yo va rekonèt se sèl lang kreyòl la ki veritab lang pèp ayisyen an. Menm konstitisyon 29 mas 1987 la prevwa, lè pèp la mete yon moun prezidan, se pou yon peryòd 5 lane, enpi li pa ka pran yon lòt manda lamenm ankò apre pyemye manda a bout. Konstitisyon sila bay prezidan an dwa pou li chwazi yon pwemye minis ki soti nan pati politik ki rasanble plis depite ak senatè nan palman an. Konstitisyon an pa bay prezidan an dwa pou li kraze palman.

Se palman an ki ratifye nominasyon chèf eta majò lame ak lapolis, savledi konstitisyon 29 mas 1987 la rekonèt  egzistans lame dayiti. Konstitisyon an pa dakò pou yo touye yon moun menm si moun lan komèt nenpòt krim, li pa dakò pou yo fè moun sibi move trètman. Konstitisyon an dakò pou gen plizyè pati politik k ap fonksyone lib e libè enpi li bay garanti sou libète piblik yo. Konstitisyon 1987 la konsakre dwa pou pèp ayisyen an jwenn bonjan swayaj, bonjan levasyon ak sekirite. Konstitisyon 29 mas 1987 la retabli koulè ble ak wouj drapo nasyonal la papa dòk te chanje fè l tounen nwa ak wouj, ak yon pentad nan mitan drapo a, enpi konstitisyon an pèmèt tout ayisyen ki te chanje nasyonalite yo, tout ayisyen refijye  sa yo kapab vin retounen pran nasyonalite ayisyen yo ankò.

Konstitisyon 29 mas 1987 la pa dakò ak kèk lwa nan peyi a ki t ap pèsekite vodouyizan,  ni li pa dakò ak lwa ki te konn pèsekite moun ki gen lide kominis. Pami moun yo ki te ekri konstitisyon 29 mas 1987 la, te gen yon nèg yo te rele Serge Villard, yon komèsan nan lavil okap, ki te ekri nan konstitisyon an yon atik nimewo 291. Atik 291 sa  pat bay okenn makout divalyeris dwa pou yo okipe djòb leta pandan 10 lane. Pou fè l peye sa, lame makout divalyeris la sazinen Serge Villard ak plizyè bal

Pèp la kontinye ap monte kalvè pa do. Konsèy nasyonal gouvènman an louvri vant peyi dayiti bay pwodi k ap soti lòt bò dlo, sa vin lakòz anpil peyizan, anpil atizan pa jwenn travay y ap mouri ak grangou, anpil nan antrepriz leta oblije fèmen pòt, kontreband sèl kòk chante. Nan dat 22 jen 1987, konsèy nasyonal gouvènman an pran desizyon kraze konsèy elèktoral pwovizwa ki te la a. Yo di yo pral òganize eleksyon ant dat 30 jen ak 6 jiyè 1987. Plizyè manifestasyon ak grèv lakòz lame dayiti touye plis pasé 20 moun enpi moun pa ka konte blese.

Pou pwemye fwa, moun pral tande nan bouch pèp la, yon seri eslogan ki di : « aba blan meriken, viv Fidèl Castro… » Eslogan sa yo bay blan meriken ak makout kè sote. Menm gwo potanta responsab legliz katolik yo, gwo monsenyè yo mete 2 men nan tèt pou di y ap dakò tout bagay, men yo p ap janm dakò enfliyans peyi kiba, enfliyans peyi kominis nan peyi dayiti .

57 òganizasyon politik ak sendika mande demisyon konsèy nasyonal gouvènman an. Nan dat 12 jiyè 1987, monpè Jean Bertrand Aristide denonse enperyalis meriken, li denonse vyolans lame boujwa a k ap fòse pèp la viv nan grangou. Nan dat 20 jiyè 1987 pèp la boule yon drapo blan meriken devan katedral jeremi an.

Masak Janrabèl 23 jiyè 1987

Nan mwa jiyè 1987, lame dayiti fizye plis pase 30 moun nan vil pòtoprens. Nan dat 23 jiyè lane 1987, lame dayiti makout la ki gen nan tèt li jeneral anri nanfi ak wilyams regala mete ansanm ak grandon ak  anbasad meriken pou yo  masakre nan yon anbiskad, 139 peyizan nan jan rabèl ak bochan ki se 7e seksyon vil podpè nan depatman nòdwès peyi a. Grandon ki te nan tèt masak peyizan yo, se fanmiy remi lucas, nikòl pwatvyen. Peyizan sa yo ki te nan gwoupman « tèt ansanm » branch òganizasyon Tèt Kole ti peyizan t ap reklame tè pou yo travay, savledi bonjan refòm agrè, yo t ap egzije pou chèf seksyon sispann fè yo abi nan fè yo peye gwo taks, gwo kòb kontribisyon, yo t ap reklame pou gouvènman an renmèt yo kòchon kreyòl bebidòk te touye nan pwogram pepadèp, yo t ap egzije pou diri pèpè meriken sispann anvayi mache a ak manje sinistre plen vè. Apre 139 peyizan sayo lame ak atache makout fin touye, te gen anpil lòt ki blese ak kout manchèt, pifò nan blese sa yo pral mouri lakay yo, ou byen sou kabann lopital kote makout vin kontinye masakre yo.

Plis pase 600 pòv peyizan mouri apre anbiskad makout ak lame dayiti. Kounyè a pèp la move nenpòt bagay ka rive.

Gouvènman K N G a lage tout kadav sa yo nan yon sèl gwo twou yo rele fòs komin. Grandon Remi Lucas ak Nikòl Pwatvyen te ale nan radyo pou yo deklare, m ap repete sa yo te di : «  Nou menm ameriken, nou pèdi 7 moun, men nou fout touye 1047 kominis… » Gras ak presyon nasyonal ak entènasyonal sou masak janrabèl la, lajistis te oblije fouke grandon Remi Lucas ak Nikòl Pwatvyen pou mete yo dèyè bawo prizon, men nan okazyon koudeta 30 septanm 1991 lan, makout yo tou pwofite libere malfèktè yo

Malgre tout zak sazinay sa yo, blan yo deside vide lajan sou gouvènman makout K N G a. Pifò nan lajan sayo sèvi pou achte zam ak minisyon pou mete nan men jandam. Nan dat 13 jen 1986 blan meriken bay K N G a 20 milyon dola. Pou lane 1986 la, gouvènman jal anri nanfi ak wilyam regala a resevwa plis pase 80 milyon  dola vèt.

Peyi lafrans ak peyi kanada deside bay gouvènman kriminèl K N G a plis pase 100 milyon dola pou lane 1986  ak plis pase 200 milyon dola pou lane 1987 la, kòm rekonpans  pou kontinye masakre pèp ayisyen an

Elèksyon 29 novanm 1987

Pou evite batay la pran wout revolisyon, blan yo fòse konsèy nasyonal gouvènman an pèmèt konsèy elèktoral pwovizwa a pwograme elèksyon pou dat 29 novanm 1987

Denpi 30 lane, pou pwemye fwa, plis pase 3 milyon ayisyen pral itilize bilten vòt pou yo chwazi yon prezidan, 77 depite, 27 senatè, plizyè majistra ak kasèk. Gen plis pase 200 kandida pou djòb prezidan. Konsèy elèktoral pwovizwa a pral bay plizyè kandida kanè, li pral elimine kèk nan kandida yo, pou li retni selman kèk nan yo. Malgre atik 291 nan konstitisyon 29 mas 1987 la pa pèmèt makout patisipe nan elèksyon 29 novanm 1987 la, tout moun ap poze tèt yo kesyon sou ki konplo makout ap prepare. Klima ensekirite a enkyete tout moun. Nan dat 22 novanm 1987, yon kòmando lame dayiti mete dife nan mache salomon nan pòtoprens, 3 jou apre sa, nan dat 25 novanm, polisye an sivil tire enpi yo touye Yves Volel, yon kandida pou pòs prezidan. Yves Volel ki te kwè nan demokrasi ak tonton makout, te parèt devan gran katye jeneral lapolis ak yon liv konstitisyon nan men l. Li tonbe anba bal asasen jandam lame dayiti. Nan dat 26 novanm 1987 nan maten, moun leve yo wè 5 kadav nan lari pòtoprens, pami kadav sayo gen yon fanm ansent .

Kèk nan 9 manb konsèy elèktoral pwovizwa a, tankou Marc Antoine Noel  pran nan panik ak pwovokasyon makout yo. Marc Antoine Noel, ki te jwe wòl direktè jeneral konsèy elèktoral pwovizwa a te derefize aksèpte  lòt sibvansyon pou reyalize elèksyon yo, li te egzije se sèl lajan leta ki dwe depanse pou reyalize elèksyon yo. Nan epòk la, konsèy elèktoral pwovizwa a te bezwen 7 milyon dola vèt pou l reyalize elèksyon yo. Men kèk lòt manb konsèy elèktoral pwovizwa a,  tankou Emmanuel Ambroise, deside yo p ap pran nan presyon zenglendo makout. Konsèy nasyonal gouvènman an derefize bay kòb pou elèksyon reyalize, enpi olye jal anri nanfi bay garanti pou sekirite eleksyon 29 novanm lan, li nonmen tèt li kòmandan an chèf fòs lame dayiti. Pifò nan kandida pou djòb prezidan resevwa kanè nan men konsèy elèktoral pwovizwa a, ki retni  sèlman 22 nan lis tout kandida yo ki te enskri pou pòs prezidan.

8 pami pi gwo kandida sa yo konsèy elektoral pwovizwa a retni, se Marc Louis Bazin ki gen laj 55 lane, Louis Dejoie 2, yon milat ki gen laj 59 lane, li menm se pitit Louis Dejoie ki te kandida nan lane 1957,  Leslie Francois Manigat, Thomas Desulme, Francois Latortue ki te gentan jwenn djòb minis jistis nan gouvènman militè pwovizwa a, René Theodore, yon nèg ki t ap dirije pati inifye kominis ayisyen. Lòt kandida pou djòb prezidan ankò, se pastè Silvyo Claude ki gen laj 54 lane, Franswa Divalye te arete msye plis pase 10 fwa, Divalye te maltrete msye nan lane 1983, Divalye te menm ofri msye yon valè 500 mil dola pou li kite peyi dayiti .

Apwe sa nou gen Gerard Goug ki gen laj 61 lane, li menm se kandida fwon nasyonal konsètasyon ki se lòt non gwoup 57 òganizasyon politik ak sendika yo. Pwogram politik fwon nasyonal konsètasyon an se 3 A, yon A pou agrikilti yon A pou alfabetizasyon ak yon A pou atizana. Kounyè a, lè a ap mache, 8 kandida sayo pral tann dizon 2 milyon 300 mil ayisyen yo di ki enskri  sou lis elèktoral. Pami kandida pou pòs majistra, te genyen Marx Boujoli ki te kandida pou meri pòtoprens. Marx Boujoli, ki te yon dirijan pati kominis ayisyen, se yon ansyen anplwaye nan meri vil pari nan peyi lafrans. Vèy la kòmanse, nan dat samdi 28 novanm 1987 kanpay elèktoral la sot lakòz plizyè santèn moun mouri nan mwens pase 2 mwa, pandan lame konplis la ap founi je l gade san li pa fè anyen. Samdi 28 novanm se lavèy eleksyon, tout bagay pare pou yon koudeta militè demen dimanch 29 novanm 1987.

Samdi 28 novanm 1987, lari nan pòtoprens kalm, jandam fòs lame dayiti ap fè patwouy nan chak bout kwen, pandanstan pèp la yo fè kwè yon bilten vòt ka rache demokrasi nan men makout, pèp la ap fè rèv je klè, l ap tann mirak  demen pou li desann an mas pou l al vote. Menm samdi sa a 11 zè nan aswè makout mete dife nan anpil biwo vòt. Moun tande plizyè rafal zam otomatik ak grenad k ap eksploze. Plizyè legliz kote yo te mete materyèl elèktoral atake, makout boule radyo solèy, yo atake radyo ayiti entè ak radyo antiy entènasyonal. Yo tire valè kout zam sou kay pastè Rancourt, manb konsèy elèktoral pwovizwa a. Sa lakòz tout manb konsèy elèktoral pwovizwa a rantre nan mawon. Malgre sa, pèp la deside, li leve bonè nan dimanch maten 29 novanm 1987 pou li ale vote kanmenm

A 8 tè nan maten, jou dimanch 29 novanm 1987 la, sou wout dèlma nan pòtoprens, plizyè santè n moun ki vle vote, mete yo nan ran yonn dèyè lòt douvan 5 biwo vòt ki enstale nan lekòl imakile konsèpsyon.

Nan lè 8 tè edmi nan maten, votan yo pote boure devan biwo vòt nan lekòl ajantin-bèlgad. Britsoukou, 5 machin boure ak plis pase 30 jandam tonton makout ki mete kagoul nan tèt yo debake ak gwo zam fanm fwa, yo simen kout zam otomatik tribòbabò, se yon veritab kanaj, yon veritab asasina kolèktif. Pami moun ki blese ak bal ki tonbe atè ou byen dèyè izolwa yo t ap vote, tonton makout yo rale manchèt pou yo tchake votan ak kout manchèt, ak kout rach. Jandam lame dayiti makout ponyade fanm tankou gason, kout ponya nan figi, nan vant, yo koupe men plizyè moun ki te vin vote, anpil bilten vòt gaye atè benyen ak san pami plizyè kadav votan, pami sitwayen ki te kwè, ak yon bilten vòt, yo te kapab debarase peyi a  ak makout.. Pandan plizyè moun blese grav ap rele anmwe sekou, asasen yo monte machin yo ale, kèk minit apresa, menm kòmando jandam lame dayiti makout la retounen ankò pou yo atake jounalis ki te prezan. Nan okazyon an, yon jounalis anglè yo te rele Jeffrey Smith ak yon suisès Graba Thuler, gravman blese. Yon kameraman repòtè dominiken, ki t ap pran imaj, yo te rele l Carlos Grullon, li  resevwa bal nan vant, 3 lòt jounalis ameriken blese grav. Nan menm moman an eskadwon lanmò yo debake nan biwo pati politik yo, enpi y ap mache tire nan tout biwo vòt…..

A 8 tè 55 nan maten prezidan konsèy elèktoral pwovizwa a ansanm ak lòt konseye elèktoral yo oblije anonse : « eleksyon an repòte… »

Tonton makout yo genyen batay la, demokrasi sazinen, laterè kontinye blayi sou teritwa peyi dayiti. Rèv eleksyon an nan maten 29 novanm 1987 la koute plis pase 40 moun mouri nan biwo vòt ou byen nan ran pou al vote, ak plizyè blese grav nan pòtoprens.

Nan pwovens, plizyè tonton makout bare wout, enpi yo tire sou tout sa k ap fè mouvman. Tonton makout yo fèmen ayewopò, tout peyi a kadriye ak jandam lame dayiti, tout jounalis sou siveyans, pa gen okenn kominikasyon ak letranje. Nan aswè 29 novanm 1987 la, jeneral Anri Nanfi, ak Wilyams Regala, chèf operasyon kraze brize a, yo pibliye yon kominike pou di yo kraze konsèy elèktoral pwovizwa a, enpi yo pwomèt lame dayiti tonton makout la gen pou l òganize lòt eleksyon nan jou yo k ap vini……..

Masak Sen Jan Bòsko 11 septanm 1988

Karakteristik Rejim divalyeris san divalye, se tout kalite masak sou peyizan, malere nan katye popilè. Se kòripsyon  ak patipri. Se piyay kès leta. Se entolerans politik.

Nan dat 11 septanm 1988 pandan yon seremoni relijye nan legliz katolik senjanbosko nan pòtoprens, tonton makout debake anndan legliz la ak  rach, koulin, ponya, pou yo masakre fidèl yo ki t ap koute prèch monpè Jan Bètran Aristid ki t ap denonse rejim makout divalyeris la ak tout gouvènman blan enperyalis, franse, meriken k ap pwoteje makout. Makout ki t ap dirije kòmando ki te fè Masak 11 septanm 1988 la, yo rele l Frank Romain yon ansyen majistra pòtoprens. Makout yo koupe tèt fidel legliz la, yo bay fanm ansent kout ponya nan vant, yo boule legliz senjanbosko a…. Militan konsekan te pwoteje lavi monpè Jan Bètran Aristid ki te sove, yon lòt fwa ankò, anba tantativ asasina ak makout divalyeris

Èske tonton makout ap janm aksèpte bonjan elèksyon lib onèt ak vrèman demokratik ? Èske pèp ayisyen an ka reyisi batay demokratik ak tonton makout, ekstrèm dwat ?

Listwa dayiti # 41

Laisser un commentaire

Votre adresse de messagerie ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *