FÒK SISTÈM POLITIK AYISYEN AN CHANJE

Enjistis sosyal kontinye blayi pou peze souse pèp ayisyen an. Nan bouch anpil moun nou tande yon pawòl ki vin alamòd se: Fòk sistèm lan chanje… Sa ki enkyetan, pawòl sa soti nan bouch militan politik pwogresis swadizan lagòch tankou politisyen ladwat. Lè pawòl sa tonbe nan zòrèy moun ki pa twò maton nan zafè politik, sa fè gwo dega. Pawòl sa tèlman repete, nou panse l enpòtan pou n pote eklèsisman pou moun byen konprann, chanjman sistèm pa vle di chanjman gouvènman ou byen chanjman moun nan gouvènman.

Premye kesyon ki dwe poze: se kisa sistèm politik vledi. Apre sa nou ka poze lòt kesyon tankou: kòman sistèm politik ki tabli a ka chanje, enpi ki gwoup moun ki ka chanje sistèm politik la.

SISTÈM   POLITIK  OU  DOKTRIN POLITIK   OU  IDEYOLOJI  POLITIK

Sistèm Politik, ou byen Doktrin politik, ou byen Ideyoloji politik, se yon ansanm lide politik ki tabli rapò politik, sosyal ak ekonomik ant klas sosyal yo, selon lide dirijan politik yo. Plizyè sistèm politik egziste, tankou: Anachism, Kapitalism/Esklavajism, Neyoliberalism, Enperyalism, Sosyalism, Kominism ak lòt ankò. Moun ou byen gwoup moun ki dakò fonksyone selon yon sistèm politik, tou adòpte sistèm politik sa tankou ideyoloji l.

ANACHISM 

Se sistèm politik kote gwoup moun òganize yo sou baz enterè klan, klik, swa rasyal, swa relijyon, kwayans ou byen lòt pou pran kontwòl pouvwa politik la. Nan sistèm politik anachis, leta a fèb, gouvènman an fèb, ou byen pa gen leta, otorite leta a:  2 pouvwa yo (lejislatif ak jidisyè) disparèt ou byen sou kontwòl egzekitif la. Se gwoup ki gen pi gwo fòs zam, se li ki kòmande san respè libète ak dwa lòt sitwayen. Chèf  pouvwa egzekitif la vin tounen yon diktatè.

KAPITALISM/ESKLAVAJISM

Se sistèm politik kote:

– Moun eksplwate lide moun. Moun eksplwate fòs kouraj moun

– Sèl pwofi ak benefis materyèl ki enpòtan

– Se gwo mwayen ekonomik ki dirije

– Leta osèvis gwo kapital prive

– Gen privatizasyon antrepriz leta

– Tout mwayen pwodiksyon yo se pwopriyete prive yon ti gwoup privilejye

– Mwayen represyon (lame, lapolis, milis..) itilize pou mentni richès yon ti gwoup elit

NEYOLIBERALISM

Se yon  fòm kapitalism ki oryante sou mache lib. Pa gen baryè ni fwontyè pou sikilasyon machandiz. Nan neyoliberalism, genyen: Zòn franch, Privatizasyon antrepriz leta, Franchiz dwanyè anfavè etranje, Ajisteman estriktirèl…..

ENPERYALISM

Se estad siprèm kapitalism lan ki kraze tout baryè pou l blayi nan plizyè peyi alafwa sou kontwòl yon sèl ti gwoup dirijan ki tabli nan yon peyi enperyalis.

SOSYALISM

Se sistèm kote:

– Gen batay kont privatizasyon antrepriz ak enstitisyon leta yo

– Gen ranfòsman antrepriz nasyonal yo ak nasyonalizasyon gwo konpayi etranje ki tabli nan peyi a

– Gen plis envèstisman nan sèvis sosyal ak enfraèstrikti yo ki pi enpòtan

– Mwayen pwodiksyon yo se pwopriyete leta ak ouvriye yo, se pwopriyete kolèktiv

KOMINISM

Se yon fòm SOSYALISM ki gen anplis:

– Abolisyon klas sosyal

– Sosyete san leta

Pou yon peyi ou byen yon gwoup peyi rive aboli yon sistèm politik, se òganizasyon politik nan menm peyi a ou byen fòs okipasyon ki soti nan peyi letranje ki kapab enpoze l 

ÒGANIZASYON POLITIK

DEFINISYON AK KATEGORIZASYON

DEFINISYON

ÒGANIZASYON POLITIK,  se fason sitwayen mete tèt yo ansanm pou yo mennen batay politik, swa pou yo rive pran enpi kontwole pouvwa politik la, swa pou yo egzèse presyon sou pouvwa politik etabli, pou yo rive jwenn satisfaksyon revandikasyon yo.

KATEGORIZASYON  ÒGANIZASYON POLITIK

Genyen divès kategori òganizasyon politik. Nou kapab regwoupe yo gwoso-modo nan 3 gran ribrik.

  • Pati Politik
  • Òganizasyon Popilè
  • Mouvman Politik ou byen Mouvman Sosyo-Politik
  • PATI POLITIK

Se yon fòm òganizasyon politik kote, sitwayen yo genyen menm lide politik, enpi yo konte sou popilasyon an pou mete yo sou pouvwa, pi souvan ak mwayen elèksyon. Genyen divès kalite pati politik, selon lide y ap defann.

Genyen pati politik ladwat ak ekstrèm dwat, pati politik lagòch ak ekstrèm goch, pati politik sant, kivledi ni ladwat, ni lagòch.                                      

PATI POLITIK LADWAT

Se pati politik, kote dirijan ak militan yo ap defann lide anfavè moun ki deja gen plis privilèj nan sosyete a, tankou elit ekonomik, elit entelèktyèl yo, kivledi moun ki gen plis lajan ak moun ki gen plis lèspri yo. Objèktif dirijan nan pati politik ladwat yo, se anrichi tèt yo, ti klik pa yo ak fanmiy yo, pandan yo meprize mas popilasyon an. Pou yo rive mentni privilèj yo, yo

souvan itilize mwayen represyon ak fòs zam, ki toujou sou kontwòl yo, tankou lame, lapolis, milis…. Tout pati politik k ap defann enterè gran patwon, gran nèg ak etranje, se pati politik ladwat…, ou byen pati ekstrèm dwat, kivledi pi adwat pase pati ladwat…. Se moun silayo ki plis pa manifèste okenn tolerans ak lòt moun ki pa panse menm jan ak yo, sitou lòt moun ki panse anfavè pèp. Pifò nan dirijan, militan pati politik ladwat ak ekstrèm dwat yo, se reyaksyonè.

Reyaksyonè, se moun ou byen pati politik, ki opoze ak tout chanjman anfavè pwogrè ak amelyorasyon kondisyon lavi popilasyon an. Anplis, gid ou byen bousòl reyaksyonè yo, se toujou enstitisyon pase, enstitisyon retwograd ki pa gen anyen pou wè ak chanjman…

Sistèm politik ki toujou aplike ak òganizasyon politik ladwat ak ekstrèm dwat yo se: Anachism, Kapitalism/Esklavajism, Neyoliberalism, Enperyalism

PATI POLITIK LAGÒCH

Se pati politik, kote dirijan ak militan yo ap defann lide anfavè gran majorite popilasyon an, nan sans pou genyen yon meyè pataj richès peyi a ak tout moun.

Tout pati politik k ap defann enterè malere, malerèz, ouvriye, peyizan, anplwaye ak tout lòt moun ki pa gen gwo mwayen, se pati politik lagòch… Gen pati politik ekstrèm gòch, kote dirijan yo, ak militan yo toujou dispoze akonpli aksyon pi radikal, ki koresponn ak lide yo, toujou anfavè amelyorasyon kondisyon lavi mas popilasyon an. Militan ak dirijan òganizasyon politik lagòch ou byen ekstrèm goch se pwogresis

Yon moun kapab pwogresis, tankou yon pati politik, yon òganizasyon popilè, yon mouvman sosyo-politik kapab pwogresis. Savledi, se yon moun, yon òganizasyon, ou byen yon mouvman ki kwè nan batay politik anfavè pwogrè, chanjman ak amelyorasyon kondisyon lavi popilasyon an. Pou n rive tout bon vre nan amelyorasyon kondisyon lavi popilasyon an, se nan batay san pran souf kont fòs reyaksyonè yo…..

Sistèm politik ki souvan aplike ak òganizasyon politik lagòch ak ekstrèm goch yo se: Sosyalism, Kominism… 

PATI POLITIK SANT OU BYEN NAN  MITAN

Se pati politik, kote dirijan ak militan yo pa ni ladwat, ni lagòch. Sepandan, nan pratik yo nou souvan konstate yon panchan swa adwat, swa agòch. Se konsa nou kapab konsidere genyen pati politik sant dwat, ki plis aliyen lide yo, pozisyon ak aksyon yo sou pati politik ladwat. Sepandan, pati politik sant gòch yo plis aliyen lide yo, pozisyon ak aksyon yo sou pati politik lagòch…

  • ÒGANIZASYON POPILÈ

ÒGANIZASYON POPILÈ, se fòm òganizasyon politik kote dirijan ak militan yo pa nesesèman gen menm lide politik. Yo rasanble pou yo defann revandikasyon katye yo, zòn yo, seksyon riral ou byen komin yo. Revandikasyon sayo souvan konsène tout moun, tankou sèvis dlo, kouran, swen sante, wout, lekòl, manje, sekirite, pwoblèm kay, tè pou fè jaden….

Savledi, nan òganizasyon popilè, li nòmal pou w jwenn ansanm, moun ki gen tandans politik ladwat, lagòch, sant dwat, sant gòch….

  • MOUVMAN POLITIK OU BYEN MOUVMAN SOSYO-POLITIK

MOUVMAN POLITIK OU BYEN MOUVMAN SOSYO-POLITIK, se fòm òganizasyon politik kote dirijan ak militan yo rasanble manb pati politik, pèsonalite politik, ak òganizasyon popilè ki plis gen menm tandans, menm lide politik….ak lòt sitwayen ki plis enterese mennen aktivite sosyal.

Savledi, nou genyen mouvman politik ou byen mouvman sosyo-politik ladwat ak ekstrèm dwat, lagòch ak ekstrèm goch ou byen revolisyonè, sant dwat, sant gòch.

Mouvman sosyo-politik, savledi se yon ansanm òganizasyon k ap mennen aktivite sosyal, tankou ankadre popilasyon an nan divès domèn: edikasyon-fòmasyon, sante, dwa moun, anviwònman, agrikilti…., enpi tou, k ap fè reflèksyon politik, pou ankadre revandikasyon popilasyon an.

Anvan pwoklamasyon lendepandans peyi Dayiti, se sistèm esklavajis kapitalis peze souse blan yo t ap aplike nan peyi ki pral pote non peyi dayiti ak nan tout lòt peyi yo te rive domine… Apre dechoukay gras ak mouvman mas  èsklav nwa yo ki abouti ak viktwa 18 novanm 1803 ak triyonf revolisyon ti nèg sou kapitalis èsklavajis blan yo nan zile sendomeng, apre pwoklamasyon ofisyèl lendepandans peyi Dayiti nan dat premye janvye 1804, Anperè Janjak Desalin te aplike yon sistèm sosyalis. Denpi apre sazinay Papa Janjak Desalin, se toujou sistèm politik ladwat ak ekstrèm dwat ki aplike nan peyi dayiti…. Lè w repete fòk sistèm politik la chanje nan peyi dayiti, konnyè a w konnen sa w vledi…. Enpi w konnen kijan sa ka fèt…

Pati Mouvman Revolisyonè Ayisyen (MRA) swete popilasyon an ak tout militan politik bon selebrasyon endepandans peyi Dayiti, nan okazyon 215 lane pwoklamasyon ofisyèl lendepandans peyi Papa Janjak Desalin lan.

Viktwa final, se pou pèp òganize, se pou pèp mobilize, se pou pèp solidè ki pa janm sispann batay…

 

Ayiti, premye janvye 2019

Direksyon pati MRA

 

 

 

 

Laisser un commentaire

Votre adresse de messagerie ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *