BATAY VÈTYÈ

Apre Tousen Louvèti te fin siyen kontra lapè ak blan yo, apre arèstasyon, depòtasyon ak lanmò Tousen Louvèti, gouvènman blan franse nan peyi lafrans, ak lame blan nan zile sendomeng  te panse lit  pou liberasyon pèp nwa a te sispann pou toutan.

Blan yo pat janm panse si yon jou libète jeneral èsklav nwa yo te goumen pou li, te ka konvèti vin tounen lendepandans peyi dayiti.

Denpi moun fè krim kont pòv inosan, si-w pa peye sa, pitit ou, pitit pitit ou, desandan w gen pou peye sa. Malediksyon te tonbe sou blan yo.  Denpi nan peyi lafrans sòlda blan yo te soti ak yon maladi yo te rele lafyèv jòn, ou byen lajònis. Anvan blan malad sa yo te debake nan zile-a, pat gen maladi sa nan zile sendomeng. Se blan franse ki, nan lane 1802, rantre ak maladi lajònis nan peyi dayiti, nan vil okap.

Nan epòk sila lavil okap te gen yon sèl lopital, yo te rele lopital lapwovidans, kote blan yo te konn al chèche swen.

Maladi lajònis la te fè ravaj nan popilasyon blan-an paske yo pat jwenn manje pou yo manje , yo pa jwenn dlo pou yo benyen, pou fè twalèt ou byen paske blan yo t ap viv pil sou pil enpi yo pat sèvi ak bon kantite dlo.

Maladi lafyèv jòn lan touye plizyè blan, men maladi-a pat touche pèp nwa-a, kote pifò te sere nan mòn, yo te kite vil yo pou blan yo. Vil yo te kòmanse tounen simityè pou antere blan malveyan.

Men, se pa  pou yo te vin mouri nan zile sendomeng, Napoleyon Bonapat te voye sòlda blan yo. Blan yo te gen misyon vin retabli lesklavaj nan zile sendomeng. Nan dat 17 me lane 1802, yon blan yo te rele dupui ki te konseye leta nan gouvèman blan franse mande pou lesklavaj retounen pi rèd nan zile sendomeng, enpi pou bato negriye yo rekòmanse al charye ti nèg nan peyi lafrik pou mennen yo nan lesklavaj nan zile-a. Pami tout depite blan ki t ap fè lwa nan peyi lafrans, te gen yon ekriven blan yo te rele chatobriyan. Blan sila yo te rele chatobriyan, se li menm ki te premye siyen papye pou blan nan zile sendomeng maltrete ti nèg nwè plis toujou, paske dapre chatobriyan, yon blan rasis, ti nèg nwè yo dwe peye radiyès yo te fè paske yo konsidere tèt yo tankou moun jis pou yo ta reklame libète.

Pami desizyon gouvènman blanse franse adòpte, yo pa dakò okenn moun ki pa blan rantre nan zile sendomeng, si se pa èsklav yo ye. Blan yo mande pou ofisye leta sivil pa enskri nan rejis yo, okenn maryaj moun blan ak moun nwa.

Nan dat 16 jiyè lane 1802, lèsklavaj la rekòmanse tout bon vre nan zile sendomeng, kote blan yo ak gwo zam fann fwa nan men, y ap fòse tout nwa yo jwenn, pou yo al travay di sou bitasyon.

Konnyè a, pèp nwa a konprann pi plis atò, se laviktwa ou byen lanmò. Pèp nwa a pa pè fè lagè. Alèkile, nèg mawon yo ki te sere nan mò-n, yo t ap tann sezon lapli-a anvan yo atake blan yo. Nèg rebèl sa yo pral kòmanse goumen.

Ak disparisyonTousen Louvèti, apre blan franse fi arete enpi depòte Andre Rigo chèf lame milat ki t ap sèvi blan franse, milat yo te kòmanse konprann yo pa gen enterè goumen kont nwa yo ankò.

Milat yo kòmanse fè alyans ak lame rebèl nwa-a, plizyè chèf milat te al jwenn rebèl nwa yo nan mò-n yo. Inyon sa pral pèmèt blan yo pèdi lagè-a pi vit.

Tout chèf rebèl yo, tankou Desalin, Morepa, Kristòf, Lamou Derans ak Lafòtin nan depatman lwès, rebèl Domaj nan jeremi, ak anpil lòt rebèl ankò tankou Chal Bèlè te deside se laviktwa ou byen lanmò, fòk yo mache sou blan yo..

Tout kote rebèl nwa yo pase, ak menm teknik lagè geriya-a, yo masakre atoufè blan, rebèl yo charye zam, minisyon ak poud eksplozif.

Rebèl nwa yo te te tèlman byen mennen batay yo, sa pèmèt se nan sèlman 3 vil nan zile sendomeng nou te jwenn blan: nan vil pòtoprens, nan vil senmak  ak nan lavil okap.

Nan lit geriya sa a rebèl nwa yo t ap mennen  kont blan yo, rebèl nwa Chal Belè t ap jwe gran wòl. Blan yo fè tout sa yo kapab pou yo kaptire Chal Belè.

Nan plizyè liv listwa peyi dayiti blan franse ekri, yo fè moun kwè se Desalin ki te touye Chal Belè. Se fout manti, se pa vwe, se pa Desalin ki touye Chal Belè. Blan yo rakonte move listwa sa pou pèp ayisyen rayi  Janjak Desalin.

Nou dwe konnen laverite sou lanmò chèf rebèl nwa Chal Belè.

Gras sistèm èspyonaj, sistèm siveye-rapòte lame blan franse te genyen pandan lagè blan kont nwa, blan yo te rive jwenn enfòmasyon sou yon rankont ki te pral fèt ant Janjak Desalin ak chal Belè pou planifye dat ak estrateji batay la.

Lè chal Belè t ap vini nan rankont la, ak tout madanm, li blan franse yo tann yon anbiskad, enpi yo touye Chal Belè ak tout madanm li. Enpi blan yo fè brui kouri pou di se Desalin ki touye vanyan rebèl nwa, yo te rele Chal Belè. Apre blan franse yo te fin sazinen Chal Belè, blan yo te panse, lagè a te pral sispann. Okontrè, se luil ak gazolin blan yo te jete sou dife revolisyon nwa yo.

Aprè blan yo te fin touye chal Belè, Blan yo pral tann pyèj toujou  pou yon lòt chèf rebèl nwa yo te rele Morepa.

Jal blan leklè envite chèf rebèl Morepa nan vil okap pou li swadizan renmèt li kòmandman lavil okap. Morepa ki kwè nan bèl pawòl sanginè blan, li monte bato pou li ale okap. Lè rebèl nwa Morepa,  rive okap, blan yo mare Morepa nan ma batiman-an, blan yo kloure zepòlèt li ak gwo klou sou zepòl Morepa, blanyo kloure chapo Morepa sou tèt li ak gwo klou, enpi malfektè blan yo jete Morepa, madanm ak tout pitit Morepa nan lanmè.

Zak sazinay sa-a mete tout rebèl nwa yo an kolè. Te menm gen chèf milat tankou aleksand petyon ki t ap sèvi nan lame blan franse, yo deside kite lame blan pou yo rantre nan mawon paske yo konnen, jodya se pou Morepa, demen se pou yo, paske se lòd jal leklè te resevwa pou li te egzekite tout ofisye milat, tout ofisye rebèl nwa, pou yo rive retabli sistèm lèsklavaj la.

Konnyè a tout lame rebèl nwa a pral gonfle fòs li pou li detri lame blan franse. Nan tèt lame rebèl la nou jwenn Kristòf, Desalin, Klèvo, Petyon, ak Pòl Louvèti frè Tousen Louvèti.

Rebèl yo atake blan yo san pran souf, lè yo pa t ap tann, paske lagè geriya se mòde enpi soufle lènmi an, se atak sipriz. Lame blan an demoralize, prèske pa gen valè sòlda ankò ki rete.

Lame rebèl nwa a genyen  premye faz lagè-a. Nan  sezisman lawont ak imilyasyon jeneral blan chal viktò emanyèl leklè pral mouri ak maladk lajònis nan lannuit premye pou louvri 2 novanm nan lane 1802. Madichon pou leklè.

Pandan Jal blan Leklè sou kabann, l ap rakle, li prèske mouri, li te chwazi yon gwo malfektè blan yo rele wochanbo pou dirije lame blan franse a.

Leklè te konnen ki moun wochanbo te ye. Wochanbo te toujou ap repwoche leklè paske leklè pat touye ase nwa. Wochanbo sete yon djab ki te sèmante di l ap ekstèmine ras nwa-a.

Anfas wochanbo nou pral genyen yon vanyan gason yo rele JanJak Desalin, chef rebèl nwa yo. Wochanbo vin pè zò-n  nò-a, li kouri kite lavil okap  pou li tabli kòmandman lame blan an nan vil pòtprens. Nan kay wochanbo te rete a, li te gen yon chanm èspesyal ki rezève pou fè ti neg nwè sibi move trètman. Pami move trètman wochanbo te konn fè nwa yo sibi, li pandye nwa yo ak kòd ak bout chenn an fè, li nwaye yo, li fòse nwa yo manje gwo plòt kaka.

Te gen yon vye granmoun nwa yo te rele Simon Batis ki te gen laj 106 lane. Vye granmoun sa, se li ki te  aprann Tousen Louvèti li ak ekri.  Blan wochanbo pran Simon Batis, li mare 2 pye l ak 2 men l dèyè do l, enpi li nwaye granmoun lan nan lanmè, tou vivan. Wochanbo te voye achte 28 gwo chyen bouldòg mechan. Se nèg nwè li rache pou li bay chyen sa yo manje, pou li fè chyen sayo abitye ak vyann ti nèg. Se chyen sayo wochanbo pral lage nan mò-n pou yo al chase nèg nwè ak fanm nwa tankou jibye.

Men plis wochanbo ap touye nèg ak milat, plis rebèl yo ap atake blan yo, plis lit la ap pran jarèt. Jal Desalin chèf rebèl nwa yo, chwazi kolaboratè solid tankou Jefra, Kanje, Fewou pou yo mete kòd nan kou blan.

Nwa yo vin san pitye, yo touye blan ak fizi ak koulin, ak  bout baton ak kout pwen ak kalòt. Tout peyi a chofe, van revolisyon-an ap soufle byen fò. Lame rebèl nwa a vin tèlman gen fòs, y ap atake blan atè tankou sou lanmè.

Malgre wochanbo voye mande gouvènman blan franse ranfò, ranfò rive men ranfò pa sifi anfas detèminasyon ti nèg rebèl nwa. Wochanbo sove kite pòtoprens , li vini ak lame blan an nan vil okap.

Rebèl nwa yo ap mache sou blan yo. Non zile sendomeng la pral disparèt, peyi dayiti pral pran nesans.

Blan yo oblije repliye nan lavil okap pou yo komèt dènye zak sazinay yo sou pèp nwa a. Se nan lavil okap tou, pèp nwa a pral fè blan yo manje batistè yo.

Nan dat 11 novanm lane 1803  jeneral blan wochanbo rantre nan lavil okap  ak anpil gwo zam, yo anraje, yo anvi bwè san nèg nwa.

Nan menm dat 11 novanm lan, jeneral Janjak Desalin rantre nan vil okap tou ak yon valè 15000 solda rebèl  nwa pou yo ansèkle blan yo.

Lè blan yo voye je gade tout mò n yo chaje ak solda rebèl nwa, yo panike, enpi wochanbo mete men sou plis pase mil èsklav nwa, li mete yo nan yon gwo batiman nan pò okap la. Blan yo mare nwa yo, blan yo fizye tout nwa yo enpi blan yo lage kadav nwa yo nan lanmè a ki vin tou wouj ak san nwa yo

Zak sazinay sa leve tout plim  sou do chèf rebèl nwa yo. Grenadye alaso pa gen manman pa gen papa, blan ki mouri zanfè pou yo. Wochanbo ak lame blan yo gen pi gwo zam pase solda nwa yo, men lame rebel nwa-a gen plis sòlda pase lame blan yo.

Lame rebèl nwa a deside pou li mache pran blan yo, pou nwa yo pran lavil okap daso.

Nan dat 17 novanm lane 1803, Jeneral nwa Janjak Desalin mete kanpe yon plan atak kote yon rebèl nwa yo rele Franswa Kapwa ki gen non gerye Kapwalamò, pral jwe yon gran wòl. Kapwalamò te resevwa lòd pou li gen kontwòl Fò vètyè anvan lanuit 18 novanm lan paske se fò vètyè ki paspò pou rantre nan vil okap. Se nan fò vètyè prèske tout sòlda blan yo te sere ak gwo zam fann fwa.

Nan lè 5 kè nan maten, nan dat 18 novanm lane 1803 lame rebèl Jeneral Janjak  Desalin t ap dirije-a , te deside anvayi lavil okap. Jounen sa-a se te jounen ki pi long, se jounen kote plis san te pral koule nan listwa peyi dayiti.

Nan vètyè, Kapwalamò ap goumen tankou yon chyen anraje, pou li pran kontwòl fò vètyè a nan men blan yo. Pandan plis 20 fwa kapwalamò avanse fas pou fas sou fò vètyè, blan yo te rive pouse atak yo.

Alòs, Kapwalamò deside atake fò vètyè lè l pase pa charye. Kapwalamò, se te sòlda brav ki pa pè zam  lènmi, ki pa pè boulèt kanno blan yo. Batay la kontinye tout jounen-an, enpi nan aswè, Kapwalamò rive mete wochanbo ak tout sòlda blan yo anba kòd. Lame rebèl ayisyen bat lame blan franse jou 18 novanm 1803 nan vil okap.

Gwo batay sa te pèmèt, Kapwalamò, Desalin ak tout lame rebèl  la ranpòte pi bèl viktwa sou blan.  Viktwa sa, se te viktwa pou lendepandans peyi dayiti.

Nan listwa lagè nan lemondantye, se premye batay blan kont nèg ki fini ak viktwa nèg nwè sou blan.

Blan yo p ap janm padone pèp ayisyen a pou  gwo souflèt marasa sa a, paske ayisyen sòt bat blan franse ki te konsidere tankou pi gwo pisans militè nan epòk la. Denpi jou sa a tout ayisyen te lib, tout ayisyen te mèt listwa yo, chak ayisyen te pwopriyetè latè peyi dayiti. Apre gwo batay vètyè sa-a, lame rebèl nwa-a pase 10 jou l ap netwaye peyi-a, touye blan ak yon sèl modòd ;  ‘’ koupe tèt boule kay blan ‘’. Yon veritab revolisyon pou derasinen malfektè blan.

Apre gwo viktwa sila, papa Janjak Desalin konvoke yon asanble pou li ekri papye lendepandans peyi dayiti. Pandan rankont lan, yon manb asanble-a, yo rele Bwawon  Tonè te deklare : ‘’ pou nou ekri zak lendepandans peyi dayiti , nou bezwen pokò yon blan pou sèvi papye, zo kokolo tèt yon blan pou mete lank, san blan pou sèvi lank, ak pwent yon bayonèt pou sèvi plim pou tranpe nan san-blan’’. Se nan dat premye janvye lane 1804 nan vil gonayiv, Jal Janjak Desalin te pwoklame  ofisyèlman lendepandans peyi  dayiti. Lè sa, papa Desalin te deklare :

‘’ Onon tout nwa ak tout milat yo, nou pwoklame lendepandans peyi dayiti. Nou dwe kontinye batay pou  nou toujou konsève dwa ak diyite nou tankou yon pèp lib, enpi nou sèmante nou  pa dwe janm bese tèt douvan okenn pisans  sou la tè’’.

Tout asanble-a, pwoklame Jal Janjak Desalin gouvènè jeneral avi ak dwa pou li fè lwa, pou li deklare lagè anfas tout peyi lènmi, ak dwa pou li chwazi moun ki pou ranplase-l

Peyi dayiti pran nesans nan anpil  doulè, apre anpil kalamite, apre blan te fin fè anpil san zansèt nou yo koule. Lendepandans peyi dayiti, se pa blan ki fè nou kado l, lendepandans peyi dayiti, se rezilta anpil sakrifis ak detèminasyon vanyan pèp nwa a.

Lendepandans peyi dayiti se egzanp fyète pou tout pèp nwa sou latè. Men, lendepandans peyi dayiti se toutan nou dwe goumen pou li, paske blan p ap janm renonse sou pwojè yo genyen  pou yo disparèt peyi dayiti ak pèp ayisyen an.

Listwa Dayiti # 20

 

Laisser un commentaire

Votre adresse de messagerie ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *