215 lane lendepandans peyi dayiti

Dirijan ayisyen resevwa manda nan elèksyon pou yo  kontribiye nan amelyorasyon kondisyon lavi pèp ayisyen an. Nan eleksyon konplotay lane 2015 ak 2016 yo, raketè politik rive fofile nan kontreband pou yo okipe fotèy palè nasyonal ak palman ayisyen an. Se dezolasyon ak dezespwa pou popilasyon an. Nou panse l enpòtan pou n fè  bilan 2 lane aksyon gouvènman jovnèl moyiz  jak gi lafontan ak Anri Seyan ki toujou nan kanpay elèktoral tèlman yo pa sispann fè fo pwomès. Jovnèl separe pouvwa a ak zanmi politik li, ki se lènmi politik pèp souvren an, k ap tann jou ak okazyon pou l eksprime kòlè li.

Peyi a toujou sou kontwòl fòs okipasyon, pandan pwoblèm ensekirite a pa rezoud. Nan sans sa, nou kapab konprann  ensekirite politik la, ki marande ak renouvèlman ilegal san pran souf, manda misyon nasyonzini pou destabilizasyon peyi dayiti a, minista, ki chanje rechan y pou l pran non minijis kivledi misyon nasyonzini pou jistifye koudeta elèktoral, operasyon dèstriksyon ak zak kraze brize nan kèk katye popilè, tankou gran ravin, lasalin, nan milye peyizan, ki lakòz anpil inosan pèdi lavi yo. Enjistis pi rèd.

Sou plan sosyal, okenn pwogrè pa reyalize nan sistèm levasyon peyi a, kote nou jwenn divès direktè depatmantal levasyon ki fè bwat leta yo tounen bwat prive ak tout kalite zak kòripsyon, abi, ak chèk zonbi. Tout dirèksyon jeneral ak depatmantal tounen bwat pou fè kòb, pou asire djòb pou ti zanmi ak ti fanmiy. Se pa zafè peyi k ap regle. Nivo jeneral levasyon an bese nan peyi a, parapò ak lòt peyi nan rejyon karayib la. Pwofesè lekòl yo pa resikle, yo manke touche. Etablisman èskolè yo pa apwopriye, yo pa gen materyèl pou asire yon levasyon ki adapte ak reyalite peyi a. Paran pa ka peye lekòl. Enpi,  elèv ki kite lekòl anvan lè, yo pa jwenn okenn lòt aktivite pou yo asire lavni yo. Pou elèv ki fini klas yo, se toujou demach ak kè sote pou yo rive jwenn plas nan inivèsite, nan lekòl siperyè. Apre tout demach silayo, se pòt chomaj ak egzil ekonomik pou elèv, pou etidyan ki fin redi pran fòmasyon, pou paran ki fin resevwa kont imilyasyon nan fè levasyon ti moun.

Nan domèn sante, dispansè ak lopital yo toujou konfwonte menm kalite pwoblèm absans travayè sante, mank medikaman ak  materyèl medikal osèvis popilasyon an. Gouvènman ayisyen an pa devlope okenn jefò pou angaje l nan plis prevansyon medikal, nan seksyon fòmasyon (SEFÒM) kontini, pou pèmèt popilasyon an patisipe nan rezoud pwòp pwoblèm sante l. Gouvènman ayisyen an, ministè sante piblik pito renmèt sistèm sante piblik peyi dayiti nan men chalatan blan, tankou chalatan nèg. Sa lakòz peyi letranje resevwa otorizasyon pou yo vin fè tout kalite eksperyans ak vye vaksen, vye pwodi sou pèp ayisyen an ki pa sispann viktim. Jis jounen jodi popilasyon peyi dayiti pa jwenn dedomajman pou viktim kolera minista-minijis pote pou nou.

Nan domèn agrikilti, gouvènman enkilpe a bliye tout pwomès elèktoral kote yo te bay popilasyon an garanti yo pral bay agrikilti a jarèt. Okontrè, pwodiksyon nasyonal, se pa sousi responsab nan leta ayisyen an. Trip vant pèp ayisyen an pandye nan men sanginè peyi letranje. Sa lakòz grankou karava n ap koupe trip pitit peyi a, pandan responsab gouvènman ap vin pi gra, fè gwo vant. Nan latibonit jovnèl rekonpanse moun ki te vote pou li ak yon kòlonn rat ki anvayi plantasyon diri yo. Konpayi telefòn Natkòm nan konfyolo ak senatè mal eli latibonit yo youri latòti, Kal mira kantav, grasya dèlva simen angrè pwazonnen ki kale rat nan plantasyon diri latibonit. Gran komèsan aloufa revandè pwodi etranje, pa ezite monte pri machandiz yo, pri pwodi premye nesesite yo, pou yo pete fyèl popilasyon an, pandan gouvènman anplas la, ap resevwa pousantaj nan men gran negosyan ak nan men peyi letranje. Rekonpans pou popilasyon an, se lavichè ki pa gen bout.

Pou sa ki konsènen ranfòsman enstitisyon yo anndan peyi a, se bak total, kote enkilpe jovnèl ap prepare pou  mete kanpe K.E.P. li rele Konsèy Elèktoral Pèmanan, men an reyalite se yon Koudeta Elèktoral Pèmanan, pou reyalize elèksyon bidon. Enpi, nou tande se preparasyon pou chanje atik nan konstitisyon, manman lwa peyi a, pou pèmèt yo jwenn pretèks kenbe pouvwa politik la anba pat kasav yo, pou yo kontinye anrichi ti klik yo ak dirijan peyi letranje. Anplis, yon palman kòwonpi ak palmantè souflantchou, depite ak senatè mal eli, woulibè machann peyi, k ap resevwa koutay nan men etranje, nan men direktè enstitisyon leta tankou prive, tankou nan anbasad kògwoup ak nan men moun k ap brase lajan sal, pou yo fèmen zòrèy, fèmen  bouch, fèmen je, ak pense fès yo douvan bonjan pwopozisyon lwa, pwojè-lwa, akò, ak konvansyon ki ta dwe louvri wout devlòpman peyi a. Plizyè èskanmotè palmantè ak gran fonksyonè leta jis rive nan palè nasyonal ak gran negosyan, kase kès lajan nan ONA, ofis nasyonal asirans, ki kenbe kòb ti anplwaye, ti ouvriye. Fonksyonè san koutcha, anpil palmantè, raketè politik ki deja piye kès leta, ap foubi zam yo pou yo vin kandida pou minis, pou depite, senatè, prezidan, pou yo kontinye vin dechèpiye kès leta.

Okenn bonjan travay pa reyalize nan kad enfraèstriki global anndan peyi a. Wout ak pon kraze, yo pa ka repare. Lè yo pwomèt konstriksyon yon twonson wout ou byen baraj dlo k ap ravaje plantasyon peyizan, travay la tanmen, kabouyay pete l pa ka fini, ou byen li mal fèt.  Nan plizyè zòn anndan peyi a, se otorite konstitiye tankou delege, depite, senatè, majistra ki mete yo an kwa pou anpeche reyalizasyon aktivite devlòpman. Yo òganize zak sabotaj tout inisyativ popilasyon an, yo kraze lajan pwojè devlòpman ki debloke. Popilasyon an toujou gen pwoblèm dlo potab, kouran, kominikasyon…. Ministè komès demisyone fas ak pwodi pwazonnen ki anvayi mache a san kontwòl ni kalite, ni pri yo. Yo di gen ministè anviwònman, ministè lenteryè ak kolèktivite teritoryal, sepandan fatra, ma dlo santi ap toufounen popilasyon an, ak move maladi atrapan, pandan majistra tèt kale yo ap gaspiye resèt leta. Tout ti wouze lapli mennen traka inondasyon ki ravaje jaden ak bèt peyizan, se kalamite pou malere nan katye popilè.

Sou plan ekonomik, gouvènman jovnèl la pafè okenn jefò serye pou l entegre peyi dayiti nan dinamik ekonomik amerik latin lan, ki te kapab louvri wout tout bon vre, pou koperasyon ekitab ak devlòpman dirab peyi a. Yon politik tann kwiy pou resevwa kout ponya nan men peyi sousèt, pa kapab danse kole ak pwojè sosyete ki makònen ak pwodiksyon nasyonal, ki se kle kwasans ekonomik ki kapab pèmèt nou envèsti nan gran sektè sosyal anfavè popilasyon an. Plizyè dirijan pwogresis nan peyi amerik latin lan, ofri peyi dayiti tout kalite ankadreman, nan domèn enèjetik, nan domèn refòm agrè entegre, nan domèn ekonomik, tankou bank sid ki mete kanpe pou kuipe politik neyokolonyal, neyoliberal fon monetè entènasyonal, BID, bank mondyal… Responsab gouvènman ayisyen an, ap konpòte yo tankou bèt 4 pat ki mare nan pye tab dirijan peyi etazini, peyi kanada, peyi lafrans ak divès lòt peyi ewopeyen ak latino-meriken ki sou zòd peyi etazini.  Gouvènman ayisyen an toujou ap tann lòd ak miyèt, nan aplike politik kitemele m. Rene Grasya Preval, Michel Mateli, Joslèm Privè, se 3 prezidan ki kraze kòb petrokaribe ak lajan KERA (komisyon enterimè pou rekonstrui Ayiti), ansanm ak premye minis yo, michèl divivye pyè lwi, jan maks bèlriv, gari koniy, loran salvadò lamòt, evans pòl, enèks janchal, ansanm ak 6 gwoup minis vòlò ki te konstitiye gouvènman yo. Malgre pwotèstasyon pèp ayisyen an pou jwenn lajan sayo, jovnèl moyiz soud, li pito peye ajan lapolis ak mèsenè etranje pou touye manifèstan..

Se pa pou sa nou wè jodya, Papa Jan Jak Desalin te pwoklame ofisyèlman lendepandans peyi dayiti, nan dat premye janvye 1804, apre anpil sakrifis, privasyon, ak san ki te koule.

Direksyon Pati MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN,  M.R.A, nan okazyon 215 lane pwoklamasyon lendepandans teritwa peyi dayiti, ap fikse pozisyon

tout militan M.R.A. byen klè, yon lòt fwa ankò, sou gran oryantasyon yon gouvènman nasyonalis ayisyen dwe adòpte anfavè byennèt tout pitit peyi a.

Pou sa ki konsènen okipasyon teritwa peyi a, se yon wont, yon imilyasyon pou zansèt nou yo, pou tout pwogresis nasyonalis ayisyen, pou tout ti ayisyen nan peyi dayiti ak nan peyi letranje. Nou pa dakò ak okipasyon teritwa peyi dayiti sou kèlkeswa fòm lan. Plizyè lane kalamite pase, denpi premye janvye 1804, ak divès fòs okipasyon, ki anpeche rèv pèp ayisyen an reyalize. Jodi a, yo rele fòs okipasyon peyi dayiti, MINIJIS, ki kreye tout kondisyon pou l tabli kò l san limit sou teritwa a, alòske popilasyon an rejte prezans li.

Peyi dayiti bezwen zanmi, pou kopere ak li, pou boukante lide, pwodi, materyèl ak li, pou konstri pwojè pwogrè ansanm. Men, okipasyon pa nan enterè pèp ayisyen an. Nan sans sa, direksyon Pati     MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN (M.R.A.)  pa apiye renouvèlman manda Minijis, ki dwe kite peyi dayiti prese prese san kondisyon.

Ensekirite òganize, enjistis sosyal, se enstriman Minijis, pou jistifye prezans li sou teritwa a, pandan gouvènman peyi etazini, peyi kanada ak peyi ewopeyen yo mete tout kalite etranje nan pòs kle tout enstitisyon peyi a pou yo detounen gran rèv Papa Janjak Desalin.

Ideyal Papa Jan-Jak Desalin atravè evènman 18 novanm 1803 ak premye janvye 1804 te klè. Ideyal ou byen rèv 18 novanm 1803 ak premye janvye 1804 la, se kreyasyon yon nanchon ayisyen, kote tout pitit tè a, ak silayo ki ta chwazi vin tounen ayisyen, dwe jwenn yon ti bout tè ki rele yo jantimèt, jantimètrès, pou yo viv nan pwogrè, diyite ak sekirite.

Anplis, nou pa kapab kreye okenn fòs sekirite piblik ak pouvwa ki pa lejitim, ni ak ansyen jandam lame dayiti kòwonpi, ni ak  ajan fòs okipasyon peyi letranje ta chwazi. Fòs sekirite peyi dayiti dwe obeyi ak lojik entegrasyon  espas latino-meriken an k ap chèche libere tèt li anba dominasyon gran pisans k ap defann enterè ekonomik yo. Fòs sekirite piblik ayisyen an, lapolis, lame nasyonalis ak jenn fanm, jenn gason detèmine, byen fòme, dwe enskri tèt li nan lojik altèmondyalizasyon an, pou anfen, nou rejwenn diyite nou, enpi pou n mete kanpe pwòp pwogram politik nou nan enterè devlòpman peyi dayiti.

Pwodiksyon nasyonal, pwodiksyon richès nan benefis pèp ayisyen an, kapab tounen reyalite. Pwoblèm grangou ak lavichè a kapab rezoud. Lè n konsidere, mayi, pwa, pitimi, se 3 ou byen 4 mwa yo pran pou yo donnen. Ki sa ki anpeche yon leta nasyonalis pwodi mayi ak pwa nan gran kantite nan tout peyi a, olye nou ofri tris èspektak sa a, kote etranje ak dirijan ayisyen ap mete moun grangou nan ran, yonn dèyè lòt, pou goumen pou sinistre plen vè. Sinistre sayo ki peze grangou pou 2 jou sèlman, apre malere  yo fin resevwa kont bouskilad, kout kokomakak, ak imilyasyon. Pafwa, sitwayen ayisyen gentan mouri nan ran, avan menm yo resevwa kèk gode sinistre. Pwodiksyon nasyonal lakay, kapab ranpli mache nasyonal yo ak manje lakay ki gen plis vitamin, ki pa gen pwodi chimik ki ka fè moun malad. Apre sa, pwodi nasyonal yo, ki fin pwodi nan gran kantite, nou kapab voye vann manje nan peyi letranje, pou n jwenn deviz, savledi lajan lakay nou pral gen plis valè parapò ak lajan peyi letranje. Deviz sa yo pral sèvi pou  n devlope peyi nou, pandan nou fin rezoud pwoblèm grangou lakay nou, enpi n ap kapab, menm jan an tou, voye sinistre bay zòt.

Militan Pati Mouvman Revolisyonè Ayisyen M.R.A. panse, pwopozisyon sayo, se kèk pami divès lòt mwayen ki kapab pèmèt popilasyon an reprann konfyans ak diyite l.

Militan Pati Mouvman Revolisyonè Ayisyen, M.R.A. renouvle angajman yo, pou yo kontinye patisipe nan tout aktivite  ki pral deboulonnen jovnèl, enpi ki kapab debouche sou satisfaksyon revandikasyon popilasyon an, puiske rezilta yo p ap janm rive posib toutotan flanm mobilizasyon an pa kontinye limen toupatou anndan peyi a.

Sepandan, mobilizasyon yo dwe kenbe kont reyalite moman an. Pafwa, kalite konn bay pi bon rezilta pase kantite. Se pa nesesèman foul manifèstan byen disipline ak ti branch bwa nan men, ti pankat nan lari, ki pral rive deboulonnen enkilpe  jovnèl. Anfas tout kalite vyolans pouvwa anplas la, anfas agravasyon mizè, chomaj, ensekirite, dezespwa popilasyon an, mobilizasyon yo dwe pi apwopriye, pi djanm…..

Dinamik inite sektè demokratik ak popilè a endispansab pou n rive deboulonnen pouvwa ilejitim lan, tabli yon tranzisyon politik nasyonalis ki pral adrese l ak ansanm revandikasyon popilasyon an. Pou deboulonnay la abouti, konsètasyon an nesesè pou n defini lòt estrateji sou djanmite ak aksyon ki dwe akonpanye mobilizasyon yo. Sepandan, bourik p ap travay pou bay chwal galonnen. Militan pati Mouvman Revolisyonè Ayisyen (M.R.A.) rejte karebare tout pwopozisyon ki konsidere jij kòwonpi nan lakou kasasyon kòm alènativ pou asire prezidans pwovizwa a lè jovnèl dechouke. Se lidè pati politik pwogresis nasyonalis ki rete soude ak revandikasyon popilasyon an ki dwe asire misyon delika  sa a.

Viktwa final, se toujou pou pèp òganize, se pou pèp mobilize,se poupèp solidè ki pa janm sispann batay.

DIREKSYON PATI  MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN (M.R.A.)

AYITI, PREMYE JANVYE 2019

 

 

 

 

 

Laisser un commentaire

Votre adresse de messagerie ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *