PARADI ENDYEN OU BYEN PARADI ABORIJÈN

Dèfen Jisten Lerison, yon gran ekriven ayisyen te ekri : « Nan peyi Dayiti, tout bagay ki enposib parèt posib, enpi tout sa ki posib parèt enposib. Si-w toujou raple-w sa, ou pa-p janm sezi douvan anyen nan listwa peyi Dayiti.

Soti  nan pwent lwès peyi Kiba, pou rive nan ti zile Awouba ki nan vwazinay lak Marakayibo, parabòl Antiyèz la kòm kwadire mitan yon demi sèk, lonje sou apeprè 4500 kilomèt. Èspas sa  gen plis pase yon milye ti bout miyèt tè. Li genyen ladan-l   2 achipèl, gwo zantiy  yo ak ti zantiy yo.

Gwo zantiy yo  sitiye nan zòn nò.  Zile  ou byen peyi ki fè pati gwo zantiy yo se : Kiba, Ayiti, Jamayik, Pòtoriko.

Ti  zantiy yo sitiye nan zòn lès, ak yon lòt pati oryantal ki genyen Gwadloup, Matinik, enpi yon lòt zèl oksidantal  pi ba ki genyen Bonè ak Kiraso.

Sipèfisi gran zantiy yo, kivledi grandè yo, soti nan nò Achipèl 700 zile Bahamas yo  reprezante 89% tout zantiy yo ak 88% popilasyon an. Peyi dayiti, ki te pote non sendomeng, se dezyèm nan zile  ki gen plis tè nan zantiy yo.

Peyi dayiti gen do li kole ak gwo lanmè oseyan  atlantik la, anfas kontinan Lewòp ak Lafrik. Li ankadre ak 2 amerik yo: Amerik di Nò ak Amerik Disid.  Peyi dayiti twouve-l nan mitan. Tè zile peyi dayiti fè tankou fòm tèt yon gwo kayiman, ak djòl li tou louvri. Zile lagonav konsidere tankou yon lang andedan 2 gro machwa yo.  Prèskil nò ak prèskil sid peyi dayiti, se 2 machwa yo

Gran tankou 2 fwa peyi Bèljik, zile ki te pote non sendomeng la, divize an 2 eta, 2 nasyon ki se: Repiblik Dayiti ak Repiblik Dominikèn. Pa gen okenn fwontyè nan lemondantye, kote gwoup moun yo pi depaman nan zafè ras ak kilti  tankou sa fèt  ant repiblik Dayiti ak Repiblik Dominikèn.

Yon bò, repiblik nwa peyi Dayiti kouvri yon tyè oksidantal  zile a  kote melanj kilti afriken, ewopeyen ak aborijèn  pran rasin li. Aborijèn, savledi premye abitan tè-a, premye ras moun ki peple tè-a.

Yon lòt bò, Repiblik dominikèn okipe rès 2 tyè zile a, kote yon pati nan popilasyon an plis revandike orijin ewopeyèn, panyòl li, malgre genyen anpil metisaj kididonk san mele afriken, aborijè n.

Nan chapit sa, se sou Repiblik Dayiti sèlman nou pral pale. Peyi Dayiti, se yon moso zile, se yon veritab  paradi sou la tè ak chalè dous li. Yonn pami tout zile yo ki gen yon kouvèti vejetal ekstraòdinè ak bèl lanmè, bèl plaj, bon van fre lajounen tankou lannuit. Pami zile yo nan Karayib la, wi peyi dayiti se pi bèl zile, se pi bèl peyi sou latè. Èske se bèlte peyizaj li yo, mak fabrik etranj li, ki fè moun fè rèv je klè, ki fè-l pi  flanbwayan, djandjan, pi gen koulè pase tout lòt zantiy yo,  ki fè moun pèdi lòlòj yo? Èske se pa pito mistè ki plannen sou lavi li chak jou, mit vodou an, kote ritm seremoni fantastik yo ki fè bibit zile- a bat denpi-l jou, kote lèspri lwa ginen yo ap tann envitasyon bòkò, manbo yo, pou mete tout moun sou anbyans?  Ou byen èske se orijinalite nesans li, ki melanje orijin etranje ki soti lwen, yon  bò ak peyi  lafrans ak kèk peyi ewopeyen, yon lòt bò peyi lafrik ki vin tabli sou yon tè vyèj? Èske se kilti tou  nèf li a ki se yon melanj ant sivilizasyon aborijèn, sivilizasyon Ewopeyen ak sivilizasyon afriken yo? Èske se fidelite fondamantal prèske relijye nan kwayans, nan koutim ak nan sikonstans ki  te bay li  nesans anvan- l te vin nanchon ki  fè peyi Dayiti tounen yon peyi reyèl, yon peyi vivan, yon peyi vibran?

Èske pèp ayisyen an, se lakòz soufrans li ki fè-l toujou prèt pou-l kreye, envante divès fòm rezistans ak divès mwayen ekspresyon ?

Èske anfen, se listwa mouvmante zile peyi Dayiti ki lakòz pèp ayisyen-an ap sibi divès kalite kalamite ? Konkèt lendepandans bout tè peyi dayiti- a, gras ak fòs kouraj èsklav yo ak batay rezistans pandan pou pi piti 3 syèk kivledi 300 lanne sou kolon blan franse,  se yon kòkenn chenn viktwa sou defi Wa blan franse Napoleyon Bonapat te lanse. Pèp ayisyen an te reyisi leve defi  Napoleyon Bonapat la.

Bèl Sitadèl Wa Anri Premye, ki se ansyen Jal Anri Kristòf, konte pami pi gran mèvèy nan lemondantye ak anpil lòt bèl zèv ankò, se prèv pèp ayisyen an te pare pou-l konstrui lavni-l.  Sitadèl sa te konstrui pou reziste fas  ak anvayisè blan franse yo.

Èske se listwa sa ki fè ògèy pèp ayisyen-an ? Èske se tout viktwa sa yo ki  fè fyète ak diyite pèp ayisyen-an ?

Listwa sa, se trezò kache peyi dayiti, paske se pa an kilomèt kare, ni an dola vèt, richès sa ka eksprime. Se sa ki  fè zile sa-a se yonn nan premye nanchon nèg nan emisfè a. Se nan paj listwa sa yo pou-n chèche konnen tout sa ki ekri, ki relate plizyè fè remakab  ak zam, yon listwa ki ekri ak gout syè, ak gout san. Yon listwa mouvmante ki pral gen enfliyans sou tout rejim politik ki pase nan peyi dayiti, men, yon listwa  pèp ayisyen an pral peye byen chè, repitasyon-l kòm pèp envensib,  kòm pèp toujou rebèl. Ayiti jounen jodiya, se yon zile ki gen sikatris pase li gaye sou tout po kò li, sikatris tout zak vyolans pèp la sibi. Pèp ayisyen-an vin pa gen okenn koudeta, okenn diktati, okenn pèsekisyon politik, okenn konplo kont li,  ki kapab siprann li,  lè-w ap gade dèsten trajik pèp sa.

Peyi dayiti fè fas ak anpil gwo pwoblèm, tankou pwoblèm  ewozyon,  maladi, grangou, siklòn, piyaj, eksplwatasyon tout kalite. Peyi Dayiti se yon defi pèmanan pou bon sans, pou jistis ak pèdi-chèche nan jwèt ant lavi ak lanmò. Sepandan, san revòlt pèmanan sa, san lèse-frape sa yo, pèp ayisyen an t-ap dispèse, gaye tankou grenn sab larivyè charye. Pèp sa ki gen zansèt li ki soti nan peyi lafrik, ki vin plante sou yon bout tè tou nèf, pèp sa pa t- ap konnen byen kote-l soti, ki mak fabrik li, ni ki kote-l prale san lit sa yo, ki pandan plizyè syèk simante yon idantite fondalnatal kote ni depòtasyon, ni kout rigwaz, ni grangou, ni desèpsyon pa-p janm ka efase nan tèt li, yon listwa vivan pou tout jenerasyon ka-p vini. Peyi Dayiti, se yon sansasyon fizik, yon eksperyans, yon emosyon pwofon, vivan, yon bout tè ki gen tanperaman. Peyi Dayiti yon paradi ki te peple ak aborijèn.

Gwo save nan zafè listwa, souvan klase evolisyon listwa zile a, nan plizyè peryòd. Premye peryòd la,  se peryòd anvan debakman Kristòf Kolon. Dezyèm peryòd la, se peryòd ki tanmen ak anvayisman zile a, ak Kristòf Kolon ak blan panyòl yo. Twazyèm peryòd la, se peryòd kolonizasyon zile a, ak blan franse. Katriyèm peryòd la tanmen ak lendepandans peyi Dayiti nan dat premye janvye 1804. Kesyon nou dwe tanmen poze : se ki lè listwa peyi Dayiti  vrèman kòmanse ?

Anvan debakman Kristòf Kolon,

Pi ansyen abitan yo, sou zile a, aborijèn yo, nou konnen yo t – ap viv nan distri pòdepè. Yo te rele yo ‘’ Siboney’’ ou byen arawaks. Save yo sipoze yo te soti nan zòn ki rele kounyè-a : amerik di nò. Lè sa zile a te yon veritab paradi sou latè. Siboney yo te jwenn bonjan kote pezib pou yo rete, ak anpil frui pou yo manje, san yo pat nan fòse pou keyi ; yo t-ap viv nan zile a san kè sote.

Lòt gwoup moun yo ki te premye vin jwenn Siboney yo, te soti nan sid amerik la, kote nou jwenn peyi Venezyela,  Ajantin, Brezil, Kolonbi; yo te rele abitan sa yo Tayinòs.  Ni Arawaks ni Tayinòs pa-t endyen vre paske yo pa-t soti nan peyi lend. Kristòf Kolon te panse, lè-l debake nan peyi dayiti, se nan peyi lend li te rive, paske se peyi lend li t-ap chèche. Se pousa li te rele aborijèn yo endyen. Listwa rapòte,  Arawaks yo ak tayinòs yo te gen wotè kout, yo te gen vizaj laj, nen plat, cheve nwa trè long rive  jis sou do yo.

Yo te konn pentire, tenn kò yo ak woukou, sa ki te bay po kò yo koulè wouj. Denpi nan nesans yo, paran yo plati fwon yo ak bandlèt, yon fason pou bay kra-n kivledi zokokolo tèt timoun yo yon fòm long, ki nan lide yo reprezante bèl mak bote yo, kòmkwa se sa ki fè yo vin pi bèl moun. Jis rive nan laj 15 lane tifi ak ti gason abitye mache toutouni.

Aborijèn yo te konn pratike agrikilti, fè jaden, lachas, lapèch, yo te konn gade chyen ki bon chasè, men nan moman yo pa jwenn jibye, se chyen yo te konn manje kòm vyann. Yo te abitye kuit manje yo sou dife nan veso ki fèt ak tè kuit tankou potri. Yo te konn itilize labou ak tè ajil la pou fè pip, kannari, krich, pope, vaz, po flè. Yo te konn manje pen ki fèt ak sereyal, tankou yanm, patat, enpi yo te konn bwè gran kantite ‘’ chica’’, ki se yon kalite byè yo prepare ak mayi. Yo te konn itilize manyòk pou yo fè kasav. Yo te konn itilize yon sistèm konbit yo te rele « Konoupo » ki  pèmèt yo pa t janm manke manyòk pandan tout ane a. Yo  te renmen danse, chante sou ritm ou byen kadans ki te rele « Areytòs », pandan sanba ap voye chante ak bèl mesaj. Yonn pami pi gwo sanba nan epòk sa a, se te larèn Anakawona.

Arawaks ak Tayinòs yo te konn travay lò, yo te konn tise koton pou yo fè rad mete sou yo

Tayinòs yo t-ap viv nan kèk vilaj kote nou te kapab konte plizyè milye abitan nan vilaj sa yo. Kay yo te fèt tou won byen laj. Yo te konstrui yo ak pay, ak wozo. Pou silayo ki gen wòl dirijan, yo te rele yo Kasik, kivledi pi gwo chèf gwoup. Kay Kasik yo rete,  gen fòm rektangilè  ak galri ki te rezève pou yo.

Yo te envante yon fòm jwèt boul yo te rele ‘’batòs’’, kote 2 gwoup t-ap fè match, enpi objèktif chak gwoup sa yo se make pi plis pwen ak yon balon ki fèt ak matyè tankou eponj ki fay. Yo te konn sèvi ak tèt, anch, senti, jenou ak koud  pou jwe balon-an.

Santiman relijye te okipe plas enpòtan nan egzistans Tayinòs yo. Nan zile- a te gen pè savann yo te rele « Bityòs ». Bityòs yo te gen wòl sèvi ak divès pati plant pou yo te fè renmèd. Bityòs yo se te bonjan doktè fèy. Anplis, se Bityòs yo ki te gen wòl fè seremoni, fè envokasyon lèspri yo te rele zemès, sou otorite yon bondje siprèm yo rele  « Chemès »

Tayinòs  yo te kwè chak moun posede yon nanm endividyèl, kote apre lanmò, nanm sa t-ap kite kò -a pou-l rann li nan yon zile ki rele « Kowayibe », kote nanm sa ta pral  rejwenn lòt namn.

Zile peyi Dayiti te divize fè 5 gran rejyon Tayinòs. Yo te rele chak rejyon sa yo ‘’KASIKA’’. Chak kasika t-ap gouvène ak yon souvren, yon gran chèf yo rele KASIK. Premye kasika- a te sitiye nan nòdwès zile la, li te rele Maryen. Zòn maryen an te pran tout vil pòdepè, okap rive jis fòlibète.  Kasik ki t-ap dirije Maryen  yo te rele l Gwakanagarik. Dezyèm kasika a te sitiye nan nòdès zile-a, li te rele Magwa, li te pran tout zòn montekris. Kasik ki t-ap dirije Magwa yo te rele l Gwaryonèks. Twazyèm kasika- a te twouve-l nan mitan zile-a, li te rele Magwana, li te pran tout zòn ench rive jis ti rivyè latibonit. Chèf kasik ki t-ap dirije Magwana yo te rele l  Kawonabo. Katriyèm kasika-a te twouve-l nan sidès zile-a, li te rele Igwey ki te pran tout zòn laromana ak santo-domengo. Chèf kasika Igwey la te rele Kotibanama. Jis jounen jodi, gen yon zòn nan peyi dominikani ki rele Igwey. Senkyèm kasika a te twouve-l nan sid zile-a, li te rele Zaragwa, li te pran tout zòn pòtoprens, leyoga-n, okay, jakmèl, jeremi. Kasika Zaragwa te gen 2 chèf kasik, se te : Boekyo ak Larèn Anakawona.

Chak kasika vin divize an plizyè ti pwovens ti zòn pi piti ki administre ak pi piti chèf  yo rele‘’Nitaynòs’’. Tout ti chèf Nitaynòs yo resevwa lòd nan men Kasik yo ki pi gwo chèf. Tout Nitaynòs yo ansanm ak Kasik la konstitiye gran  Konsèy kasika a. Gran Konsèy Kasika-a  gen tout  pouvwa absoli sou byen, sou lavi tout moun nan Kasika-a. Si se nan tan jodi, nou te ka di, Gran Konsèy Kasika a, te ranpli wòl 3 pouvwa nan yon leta modèn. Kivledi, pouvwa lejislatif, pou fè lwa ; pouvwa egzekitif ki egzekite lwa, ak pouvwa jidisyè pou verifye si lwa aplike enpi pou bay pinisyon ak moun ki pa respèkte lalwa.

Nitaynòs yo te konn peye yon taks, ou byen enpo,  ou byen kontribisyon bay kasik la sou fòm poud lò ou byen tabak ou byen koton.

Arawaks yo, se te yon pèp pèzib, ki pat gen tanperaman fè la gè. Tanperaman sa pral lakòz disparisyon gwoup aborijèn sa, paske anba raje, nan forè amazoni ak nan zòn giya-n, yon lòt gwoup aborijèn ki rele Karayib pral debake nan gran kannòt ak anpil zam lagè. Tayinòs yo pral viktim, paske yo te pasifik, yo pat prepare pou lagè.

Nan kalandriye zile-a, premye gout san moun, pral tanmen koule.  Denpi nan premye dat sa- a, zile a pral pèdi tout trankilite-l te genyen jis jounen jodi. Denpi premye dat sa, ki mete nou nan finisman kenzyèm syèk la, kididonk finisman lane 1490 yo, nou konsidere lapè fini pou kite plas bay lapèrèz. Se nan premye dat sa listwa rapòte ras aborijèn karayib yo debake. Karayib yo konsidere tankou premye imigre nan peyi dayiti.

Karayib yo te masakre tayinòs yo san pitye. Lè karayib yo fin touye tayinòs yo, yo manje vyann lan. Lè sa karayib yo te gen labitid manje vyann moun,  se pat pou gou vyann lan, men tou senpman pou akonpli yon rit, yon seremoni selon kwayans yo.

Karayib yo te konn fòse fanm tayinòs yo kouche ak yo san konsantman yo, san seremoni pou yo vin tounen madanm anvayisè karayib yo. Inyon sa yo ki fèt sou baz vyolans vin limite  kominikasyon ant 2 pèp yo. Nou pral asiste ak nesans premye metis yo kididonk « san-mele » nan zile-a. Sepandan, chak pèp yo te konsève lang yo: idyòm kivledi lang arawak, Tayinòs, pou fanm yo, dyalèk, lang karayib pou gason yo.

Arawaks yo te deziyen karayib yo sou non ‘’Kaniba ‘. Se apati mo kaniba a, vin gen yon lòt mo kanibal, ki pran nesans. Kanibal vledi moun ki manje vyann moun. Karayib, ki vin mèt zile-a te divize an 2 klan, 2 gwoup: Pi sovaj yo te enstale yo nan zòn nòdès peyi dayiti. Karayib arawakize yo ki te adopte abitid tayinòs yo, yo te tabli kò yo nan zòn sidès ak nan zòn sant zile a. Nan Zile peyi dayiti, sa pa gen lontan, save yo te dekouvri nan zòn kankòk, yon gwo moniman byen fon anba tè ki temyaye sou masak tayinòs yo te sibi anba men karayib yo.

Aborijèn yo ki te panse zile-a reprezante lemondantye te bay zile-a pote  non Kiskeya ki te gen plizyè siyifikasyon nan langaj yo. Mo kiskeya a te vledi : ‘’lavi dous’’ ou byen ‘’gran tè, ou byen gran peyi’’ ou byen ‘’Boyo’’ ou byen « Babèk » se non yo bay pati oksidantal zile-a. Menm jan tou, mo ‘’Ayiti’’ te sèvi pou deziye yon divizyon teritoryal. Nou kapab genyen 2 siyifikasyon poetik pou Ayiti :

‘’Hahiti ‘’ konpoze avèk ‘’Ha ki vle di flè, ‘’Hi’’ ki vledi gran, enpi  «  ti » vledi zòn ou byen teritwa. Tout sa vledi : « teritwa gran flè ». Lòt siyifikasyon ankò se: << hayiti>> ki konpoze ak ‘’hay’’ ki vledi zile, ak ‘ « ti » ki vledi montay, alòs, sa vledi : Zile montanyez, kivledi zile ki gen anpil mòn.

An reyalite abitan zile-a te plis enterese pou dezinye peyi a, men se pat pou bay pèp la yon non. Ak ki sa, sa t-ap sèvi, paske yo te kwè yo te pèdi nan mitan lanmè, yo te panse se yo menm sèl kòm pèp ki egziste sou latè.

Yon maten nan lanne 1492 nan ren-y kretyen-an, debakman anvayisè etranje pra-l boulvèse yon lòt fwa ankò lavi aborijèn yo. Zile-a pral chanje non pou-l rele « sipangu », paske etranje sa yo panse se  peyi Japon yo te dekouvri, dapre dèskripsyon yon navigatè ki te rele Mako -Polo. Menm zile sa pra-l pote non « Ispanyola », apre sa, « sendomeng » pandan yon bon ti bout tan. Se toujou menm zile sa- a, zansèt nou yo, ak san yo, ak syè yo, pral ekri non « Ayiti » nan paj listwa lemondantye. Pòt paradi- a deja  fèmen britsoukou nan figi aborijèn yo, pou louvri yon mond kalamite san pran souf.

Tou dousman yon gran pòt prizon sou pwòp tè aborijèn yo louvri. Moun ki kenbe kle pòt gran prizon sa a, se etranje blan yo ki soti nan yon lòt mond. Paradi aborijèn yo, vin tounen prizon, vin tounen lanfè.

LISTWA  DAYITI  # 1 : DWP 

Laisser un commentaire

Votre adresse de messagerie ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *