KI KALITE MOUN kristòf kolon  TE YE ?

Kisa ki fè listwa se Kristòf Kolon-l chwazi , kòm premye anvayisè ki pra-l pote kalamite sou yon zile ki yon jou pral pote non : Peyi Dayiti ?

Nan kenzyèm syèk la, kivledi nan lane 1400 yo, peyi lespay te bezwen anpil zepis ak anpil lò. Blan Panyòl pat genyen bagay sayo lakay yo. Yon navigatè ki te rele Mako Polo te rakonte, denpi nan katòzyèm syèk la, li te travèse kontinan lazi, peyi mangoli, enpi-l te rive rejwenn kontinan lewòp, lè-l te pase pa Simatra. Menm avantirye venisyen sa-a te fè konprann, pandan vwayaj li yo, li te travèse tè ki te rich ak zepis ak lò. Se bagay sa yo ki te vire lòlòj tout gwo chabrak nan peyi ewopeyen yo. Nan epòk sila, gen kèk chinwa ki te rakonte, peyi Japon, ki sitiye nan kontinan lazi tou, se yon veritab jaden ki genyen tout sa moun bezwen. Enfòmasyon sa yo te pouse ewopeyen yo pran tout kalite inisyativ, pou yo jwenn wout pou yo al fè piyay dechèpiyay.

Maren, jeyograf, souvren, bankye, komèsan, raketè tout kalite, soufri yon  sèl maladi, se maladi pou yo jwenn wout sou  lanmè ki mennen yo nan peyi japon yo te rele sipangu nan epòk la.

Pami tout anbisye sa-yo, te genyen, byennantandi, kristòf kolon, ki pat sispann fè rèv je klè pou-l swadizan dekouvri tè tou nèf pou-l al ranmase lò, ranmase richès.

Kesyon plizyè istoryen, souvan ap poze : se ki kalite moun kristòf kolon te ye? Moun ki peyi kristòf kolon te ye ? Ki ran sosyal kristòf kolon, ki relijyon-l? Èske kristòf kolon, se te yon katalan, yon kòs, yon jenwa ou byen yon blan fransè ?. Èske kristòf kolon se te yon juif, yon loray kale ou byen yon timoun ki te leve san gran moun, yon kokorat ? Èske kristòf kolon se te yon pitit deyò, yon pitit anbachal ki soti nan senti yon vagabon ou byen yon pitit san papa ?

Men, nan dyalòg li konn genyen ak lòt moun, kristòf kolon toujou pran prekosyon pou-l pa janm di ni ki moun li ye ni moun ki kote-l ye.

Men moun ki te konnen kristòf kolon te kapab di-l se yon moun ki gen wotè ak vizaj long, ki pa sanble ak moun ki abitye soufri. Li gen nen pwenti, je koulè ble, ak koulè po kò blan blèm.

Lè-l te jenn gason, cheve ak bab kristof kolon te blan, savledi byen bonè, msye te kòmanse blanchi.

Lè kristòf kolon t-ap eksprime-l, li toujou fè sa ak vivasite, msye te konn pale tankou yon raketè, li te gen kalite konvenk moun ak anpil manti, enpi msye te ògèye lè-l ap pale de bagay li kwè ladan-l. Lè kristòf kolon ap manje, bwè, li pa konn fè voras enpi-l te konn abiye nenpòt kijan, tankou yon avadra.

An reyalite, moun pat renmen dyaloge ak kristòf kolon. Sa pral lakòz li souvan twouve-l san zanmi. Pi bon zanmi-l se  te lide li. Anpil moun te menm pè kristòf kolon, paske msye te  gen tèt rèd kivledi li vle se toujou li menm ki gen rezon. Gen menm moun ki panse si kristòf kolon pat fou, sanble-l toujou gen lwa ki danse nan tèt li. Kristòf kolon souvan awogan, li pretansye.

Se petèt kalite ak defo sa yo ki pral fè kristòf kolon tounen yonn nan sèl moun ki te kapab antreprann kòkenn chenn avanti sa li te rele : dekouvèt nouvo mond la.

Sanble Kristoforo Kolonbo, kivledi Kristòf Kolon nan lang italyen, ta pran nesans nan vil jèn pou peyi itali nan lane 1436. Dapre sa ki ekri nan epòk sa yo, kristòf kolon ta kòmanse navige, vwayaje sou lanmè pou pita nan lane 1461, savledi denpi byen lontan anvan laj 25 lane, kristòf kolon te kòmanse pran kanntè pou-l al chèche lavi nan lòt zile ou byen nan lòt peyi.

Nan epòk sa-a, kristòf kolon te rèd nan zafè politik, paske listwa rapòte-l te konn ap mache fè kanpay ansanm ak yon pwòch paran-l yon lòt selèb navigatè ki te rele Koulon Fèdinan d’Aragon. Nan lane 1476, se menm fèdinan d’Aragon sa ki pra-l pwoteje kristòf kolon. Listwa rapòte tou, nan lane 1477, kristòf kolon te fè yon vwayaj nan lanmè peyi Island. Lè-l te rantre nan peyi pòtigal nan lane 1478, li te marye ak yon ti fanm yo te rele Felipa Moniz Perestrello. Ti fanm sa te gen anpil lajan, li te fè pati fanmiy noblès, pitit fiy yon kolonizatè, yon kolon ki te anvayi zile Madè. Nan lane 1480 premye pitit gason kristòf kolon te pran nesans. Li te rele ti gason sa-a : Dyego.

Lide k-ap sikile pou fè konnen genyen lòt tè, pou swadizan dekouvri, kontinye ap fè chimen-l. Plizyè temwayaj prevwa menm pa ki wout pou maren, navigatè ta pase pou fè dekouvèt sa yo.

Pandanstan, kristòf kolon ki toujou gen ti kaye nòt li nan bounda pòch li, ap pran nòt. Li te rele ti kaye nòt sa : ‘’Libros de memorias’’, kivledi liv memwa, kote-l te note tout endis, tout ti referans li tande pale, enpi-l sere tout done sa yo pou-l itilize nan moman-l ta bezwen.

Pami enfòmasyon-l deja genyen, yo rapòte prezans, sou lanmè, divès gwo banbou ak bwa èskilte van lwès yo pouse. Wa pòtigal la ki pale de èskilti an bwa, ak banbou èspesyal sa yo, te montre kristof kolon yo, enpi-l te eksplike- l bagay sa yo soti nan kèk zile ki pa twò lwen. Anpil moun rakonte, yo konn wè sou lanmè-a, yon seri gwo pye bwapen, van te charye nan menm kondisyon yo.

Lòt bagay ki te konn enkyete moun ankò, se prezans yon kalite kadav moun mouri sou lanmè-a, enpi koulè po kò ak fòm kadav sa yo pat sanble ak kadav moun kote kristòf kolon t-ap viv la. Nan lane 1476, yon temwen ki te rele Antonyo Leme, menm jan ak Fènam Domingo de Arco nan lane 1484 te sèmante di yo te apèsi kèk zile nan zòn  lwès peyi pòtigal.

Yo te menm rakonte listwa yon maren ki ta gen yon sèl grenn zye, maren  sa te di-l te apèsi yon tè li kwè ki sanble ak yon zòn ki rele tè Tatari. Kristòf kolon te panse, se pat tatari vre, se yon tè ki rele tè bakala-w, kivledi tè lanmori, ou byen Tènèv. Men abitan nan rejyon bretay pou peyi lafrans  ak moun nan rejyon bask  pou peyi lèspay te konnen tè sa-a denpi byen lontan.

Menm jan tou, genyen zile Antiya, yo te rele tou zile 7 site moun rakonte nan lane 711, 7 evèk, 7 monsenyè pòtigè te debake nan zile sa pou yo al sere pou yo pat mouri lakòz envazyon sarazen yo. Monsenyè sila yo te kreye yon vil nan zile sa-a enpi yo te mete dife yo brile bato ki te menen yo nan zile sa, yon fason pou yo pat janm gen lide retounen ankò nan peyi pòtigal.

Plizyè tantativ te fèt pou al anvayi lòt tè. Nou kapab site, ekspedisyon Dyego de Tèv ak Pedro de velasko ki te fè wout nan direksyon Asò, men yo te retounen san rezilta. Sepandan nan dat 2 janvye lane 1474, malgre echèk Dyego de tèv la, Fènan teyès te rive konvenk wa Alfonso 5, pou-l bay li privilèj eksklizif antrepriz vwayaj nan kè oseyan atlantik la, enpi tou li te mande wa-a pou-li menm Fènan Teyès vin tounen pwopriyetè tout tè-l ta va swadizan dekouvri yo ak kondisyon tè sayo pa gen moun k-ap viv nan yo.

Nan dat 10 Novanm lane 1475, wa Alfonso 5 renouvle menm privilèj la bay Fènan Teyès ak yon ti diplis. Wa Alfonso 5 te pwopoze-l ap fè Fènan Teyès kado tout tè li anvayi, menm si yo gen abitan nan yo, menm si yo kiltivab. Enpi, ki sa Fènan Teyès devni ?

Erezman pou kristòf kolon, malè yon moun, kapab fè bonè yon lòt. Fènan Teyès mouri nan dat premye avril lane 1477

Kristòf kolon te konn tande pale de yon seri bwa èspesyal ki soti nan zòn yo pat konnen men yo te rele bwazens. Se mo bwazens  sa ki pral tounen bwazil, enpi brezil. Pyès bwa presye sa yo, kouran dlo lanmè charye regilyèman, yo vin chwe sou rebò lanmè bò kòt peyi Gal ak peyi Iland. Kantite bwa presye sa yo te tèlman anpil, moun te konn charye yo pou fè komès.

Sanble bwa presye sa yo te konn pase nan gran larivyè peyi Meksik. Moun kapab remake bwa sa yo nan bibilyotèk Chal 5 nan peyi lafrans.

Pou sa ki konsènen peyi Brezil, sanble pòtigè yo te deja pile tè sa kèk lanne anvan ekspedisyon kristòf kolon, men yo te gade sekrè a. Anpil temwen te rapòte wa Djoao nan peyi pòtigal  ta konfye kristòf kolon sekrè-a.

Istorikman, se Viking yo, ak Erik Tòvalsonn, yo te rele tou Erik Lewouj, ki te konfime anvayisman sa yo te rele  nouvo mond lan, lè-l te enstale-l nan lane 986 nan zòn gro-enn-land, paske yo te mete-l deyò nan peyi Nòvèj yon peyi blan Ewopeyen.

Moun ki te vrèman apèsi tè Groennland lan, se te yon Islandè ki rele Gounbjòn nan lane 900 yo. Nan menm lane 986 la, yon gran chèf Islandè ki rele Bjoni, van te charye batiman-l te ladan, pou mennen-l nan zòn nò latè, se konsa-l te debake tou nan Groennland kote-l te rankontre Erik Lewouj. Sanble se menm Bjoni sa-a ki ta premye rive nan kontinan ki pra-l pote non kontinan lamerik.

LISTWA  DAYITI  # 2 DWP

Laisser un commentaire

Votre adresse de messagerie ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *