PREPARASYON PREMYE VWAYAJ  KRISTÒF KOLON SOU ZILE DAYITI

Preparasyon premye vwayaj Kristòf Kolon, sou wout yon zile ki pra-l pote non peyi Dayiti. Anvan kristòf kolon deside kòmanse òganize gran vwayaj li-a, li pat sispann ranmase enfòmasyon. Pami enfòmasyon enpòtan silayo, nou dwe site yon gwo trezò ki te detere nan peyi venezyela. Nan trezò sa, gwo kòfrefò sa-a te genyen plizyè santèn pyès monnen vil wòm, kapital peyi litali ki te gen efiji, kidonk pòtre divès anperè ewopeyen, denpi anperè Ogis bò lane 350 anvan peryòd kretyèn lan, anvan jezikri. Gwo malèt lajan sa ta sanble se pou yon gran komèsan. Èske lè sa-a nou te kapab panse te deja genyen komès regilye ant peyi lewòp ak pati sid kontinan meriken-an, amerik disid, ou byen èske se ta va yon gwo batiman demate ant zile kanari ak kapvè jis li ta vin fè nofraj nan peyi venezyela?

Èske kristòf kolon te tande pale de groennland tou? Antouka, se ak rezon, ak lojik li te tanmen rechèch li sou wout sid latè a, ak lanmè-a. Li enpòtan, pou-n ta fè yon dèskripsyon sou yon bout lanmè, yo rele lanmè sagas. Navigatè nan epòk sa-a te dekri lanmè sagas, ki se yon pasaj oblije, tankou yon lanmè ki chaje ak gwo plant alg ki gen posibilite bloke pwogresyon nenpòt gwo batiman. Moun te menm panse, gwo pye bwa sa yo sou lanmè-a, te gen gwo resif anba yo. Men lòt bagay ki enpotan tou, kalite vejetasyon sa yo toujou konstitiye siy kòmkwa tè-a tou pre. Genyen anplis, listwa yon pilòt ki te mouri lakay kristòf kolon, yo te rakonte. Se Batolomeo de las kasas k-ap rakonte. Li di konsa : « te gen yon batiman, ou byen yon karavèl ki te pati kite peyi lèspay, li te boure ak machandiz pou l-al vann nan peyi labèljik, nan peyi Iland, ak nan peyi langletè. Men yon gwo van tanpèt te charye bato machandiz la pou mennen-l sou yon zile tou nèf. Maren yo ki te nan batiman-an te degaje yo pou yo retounen, men vreman nan move eta  nan peyi lèspay ».

Pilòt, ou byen maren ki t-ap pilote batiman-an, se lakay kristòf kolon li te vin remize pou-l pran swen, enpi se lakay kristòf kolon menm maren sa te mouri. Pou-l temwaye rekonesans li te genyen anvè kristòf kolon, maren-an anvan-l mouri, li rakonte kristòf kolon tout kalamite ki te frape-l enpi ak mwayen yon kat maren, yon kat jeyografi lanmè, li te montre kristòf kolon tout wout sou lanmè-a li te travèse pou-l te rive sou zile enkoni sa-a.

Dapre Batolomeo de Las Casas, ki te kontinye ap pale, li di : « se pa yon aza, si kristòf kolon ta rive jwenn tè kote-l te jwenn li an, paske apati temwayaj maren-an ki te mouri lakay li-a, li te gen garanti li  t-ap jwenn tè wè pa wè apati wout li te fè a » Mwen t-ap site deklarasyon Batolomeo de Las Casas

Kristòf kolon pat yon sen legliz, ni li pat yon ti Jezi nan po krab. Si se vre-l te genyen imajinasyon, nou kapab konprann tou, mouche kristòf kolon te gen kapasite pou-l vòlè lide lòt moun, enpi li te gen abilte nan itilize ekspresyon lòt moun.

Pou kounye- a, kristòf kolon konnen-l p-ap janm genyen mwayen pou-l fè gran vwajyaj sa, si-l pa jwenn èd, si-l pa jwenn bourad. Kalamite kristòf kolon pral kòmanse.

Nan lane 1484, kristòf kolon mande pou-l rankontre enpi ekspoze pwojè-l bay wa Djoao nan peyi pòtigal. Li mande wa Djoao pou-l finanse ekspedisyon militè li a. Denpi nan epòk sa-a kristòf kolon te kòmanse frape lestomak li di-l genyen nan pòch li tout kle pou-l louvri pòt nouvo mond la. Sepandan, li pral blije tann 8 lanne, anvan-l rive mete kle sa yo nan seri, nan twou pòt  kontinan li  te rele nouvo mond lan.

Nan moman sa-a wa pòtigal la te plis enterese voye fè piyay richès peyi afriken yo ki tabli pi pre peyi pòtigal.

Batolomeo de las kasas rakonte, li di konsa : ‘’ Me sa kristòf kolon te pwopoze wa Djoao nan peyi pòtigal : li di li gen tout enfomasyon ki kapab pèmèt li dekouvri anpil gran tè, zile fètil, ki rich ak lò, lajan, perl, pyè presyez, zile ki gen anpil moun. Pou sa li kapab pase pa wout lwès nan direksyon sid latè. Pa menm wout sa, li gen asirans l-ap abouti nan peyi lend ak gran zile sipangi kididonk peyi japon, ak wayòm gran kan’’. Pou-l mennen gran antrepriz sa, kristòf kolon te pase kondisyon sila yo ak wa pòtigal la :

  • Pou wa pòtigal la bay li 3 karavèl (3 batiman) byen ekipe ak chay pwovizyon pou yon lanne
  • Pou wa-a bay li tit noblès nan sosyete pòtigèz la
  • Pou wa-a bay li tit gran amiral.
  • Pou wa pòtigal la bay li pouvwa vis- wa tout zile ak tè fèm li ta dekouvri, enpi pou-l ta genyen yon dizyèm sou tout pwodui, tout richès li ta twouve nan tout peyi sa yo li di-l pral dekouvri yo.

Nou konprann kòman kristòf kolon, ki pat posede plis pase  po dèyè-l, po bounda-l kòm sèl byen, men li te tèlman gen gwo tanta, kote-l pat menm fè kalkil si wa pòtigal la te akòde-l tout privilèj sayo, li t-ap vin tounen premye pèsonaj nan wayòm pòtigal la. Epoutan, se menm privilèj sayo kristòf kolon pra-l reklame tou bò kote souvren panyòl yo kèk lanne apre. Wa pòtigal la te chita, pran tan pou-l  koute kristòf kolon. Wa potigal la te plis pran Kristòf Kolon pou yon ransè, yon mantè, yon betizè, yon djòlè, yon nèg ki pale anpil, ki plis sanble ak yon nèg tèt pa drèt.

Sepandan, wa pòtigal la, menm si-l pa pran kristòf kolon pou nèg serye, sa pa vle di-l meprize pwojè-a. Wa pòtigal la te sèlman vle ranmase enfòmasyon nan bouch kristòf kolon, enpi pou-l itilize enfòmasyon sayo dèyè do Kristòf Kolon. Se batolomeo de las casas k-ap rakonte toujou pou-l di : ‘’ Lè wa pòtigal la fin byen koute pawòl ki soti nan bouch kristòf kolon, lè-l fin gen bonjan enfòmasyon sou wout ak direksyon ki mennen nan zile tou nèf yo, lè-l fin rache ak anpil teknik tout sekrè yo nan bouch kristòf kolon, enben wa pòtigal la, anbachal, fè ekipe ak gwo zam, yon batiman kote-l voye maren pòtigè al fè ekspedisyon an. Pandanstan, wa pòtigal la ap fè dilatwa ak kristòf kolon l-ap lolo-l, yon mannyè pou wa-a gentan òganize vwayaj la an sekrè.

Sepandan, gwo van tanpèt charye batiman ekspedisyon wa  pòtigal la te voye-a. Maren pòtigè yo blije retounen nan move kondisyon ak gran dekourajman. Kristòf kolon te rive konprann se nan betiz wa pòtigal la t-ap pase-l. Laperèz vin anvayi kristòf kolon pou wa pòtigal la, swa pa itilize lafòs brital pou-l blije-l devwale plis sekrè toujou, swa pou wa pòtigal la pa touye-l pou-l pa gentan al ofri sèvis li bay lòt souvren ki gen kapasite finanse pwojè-a. Se konsa, nan kòmansman lane 1485, kristòf kolon mete zèl nan pye-l, li pete kouri, li sove kite peyi pòtigal ansanm ak Dyego pitit gason-l lan.

Lè Kristòf Kolon ak pitit gason-l Dyego rive nan peyi lèspay, yo pa gen yon gouden nan pòch yo. Se mwa-n fransisken ‘’La Rabida’’ ki te blije akeyi kristòf kolon ak pitit li  nan monastè a, pou bay yo ti moso manje ak ladòmi.

Pandan sejou yo nan monastè a, gen yon mwa-n yo rele Wann Perès ki te koute kristòf kolon ak anpil atansyon. Se rankont sa ki pral jwe pi gran wòl nan lavi ak nan desten kristòf kolon.

Mon pè Wann Perès, se li menm ki konn konfese la rèn peyi lèspay, savledi-l konnen ki jan pou-l fè pou-l pèmèt kristòf kolon pran kontak nan gran lakou wayòm peyi lèspay.

Nan mwa avril lanne 1486, gwo potanta nan peyi lèspay  resevwa kristòf kolon nan palè wayal la. Men, yo pat pran pawòl li yo oserye. Sepandan souvren yo pat fin pouse do msye nèt. Sèl bagay, yo te ofri msye yon ti kòb chak mwa, enpi y-ap suiv li. Rive nan lane 1491, souvren peyi lèspay yo te koupe tout sous kristof kolon, ki te retounen nan lan mizè ak grangou pi rèd. Lè-l retounen nan monastè La Rabida  a ankò, se ak bra louvri yo akeyi-l. Men, monpè Wan-n Perès ki te kwè tout bon nan pawòl kristof kolon yo, te derefize admèt echèk rankont li ak souvren panyòl yo. Se konsa monpè Wan-n perès deside entèvni dirèkteman bò kote larèn peyi lèspay pou-l mande-l zanminen pwojè vwayaj kristòf kolon an yon lòt fwa ankò. Men, fwa sa-a demach la vin posib paske gen lòt evènman tou nèf ki pral pèmèt dosye a louvri pi vit toujou. An fèt, demach la posib, enpi li menm rive nan lè-l ta dwe abouti, paske te vin gen lòt done ki blije dosye a louvri ankò.

Dabò te gen temwayaj Batelemi Dyaz ki li menm ak tout ekipaj li, di yo te wè tè sou wout lwès la. Anplis, vin gen anpil demand ekspedisyon, tankou ekspedisyon Dilmo, ekspedisyon Estreyito, ekspedisyon Bakayim ak ekspedisyon Muntzè. Tout navigatè sayo se konkiran kristòf kolon, nan kous pou ale nan peyi lèzend.

Anfen, vin gen Penson ak pakèt ransèyman li gen nan men-l. Rankont ant penson ak kristòf kolon, se dezyèm kout pous, desten ou byen aza pral pote pou reyisit vwayaj la. Maten Alonso penson, se chèf yon fanmiy onorab, moun byen konnen nan vil palòs. Nan fanmiy sa, gen anpil maren ki rich. Yo menm, se navigatè ki konnen lanmè byen enpi ki deja ranmase anpil eksperyans nan zafè vwayaj sou lanmè, tout moun nan vil palòs rekonèt yo, enpi kwè nan valè yo.

Denpi kèk tan, penson te gen pwojè vwayaje nan wout lwès la. Li te gen yon zanmi-l ki se sèvitè entim sen pè-a kididonk pap nan epòk la. Zanmi sa-a te gen metye kòsmograf, kivledi-l te konnen kote plizyè tè sitiye, enpi nan bibliyotèk vatikan-an kote pap la rete, li te rive jwen bonjan enfòmasyon, moun kapab rive twouve zile sou wout lwès la.

Yon gwo kat jeyografik te montre prezans tè nan distans okenn navigatè, okenn avantirye pat janm pran chans ale. Tèks ki pale de tè sayo, se Wa Salomon ki te ekri yo ak pwòp men-l. Menm Wa Salomon ki nan liv labib kretyen yo.

Enben, se dokiman sayo menm penson te montre kristòf kolon.  Anfas kòkenn chenn enfòmasyon sayo, kristòf kolon mande penson pou yo asosye ansanm  pou souvren yo ta dakò finanse vwayaj la.

Tout moun ka konprann asosyasyon ant 2 nèg sayo pral pèmèt anpil bagay. Yon bò nou jwenn kristòf kolon ki gen posibilite rantre nan la kou wayal la pou-l al chèche finansman nan men otorite yo, yon lòt bò nou jwenn penson yon maren eksperimante, enfliyan bò kote matlòt yo, enpi penson se  pa yon ti pòv malere tankou kristòf kolon. Dayè se prezans penson nan asosyasyon sa ki pral pèmèt yo fè kristòf kolon yon ti kredi, ak garanti serye anplis.

Osito-l resevwa lèt ki soti bò kote monpè Wann perès la, larèn peyi lèspay gentan konvoke yon komisyon gwo potanta wayòm lan ak yon bon valè gran savan, pou etidye yon lòt fwa ankò, pwojè vwayaj kristòf kolon-an. Se nan mwa janvye lane 1492 repons la rive. Yon repons frèt tankou mab. Souvren panyòl yo voye di kristòf kolon li gen otorizasyon vwayaje, enpi yo swete-l bon vwayaj. Nou kapab konprann, se pa yon senp otorizasyon konsa kristòf kolon t-ap tann. Men, nou dwe konnen tou, nan lakou wayal la, yo pat renmen kristòf kolon, ki fè konmsi-l pa konprann desizyon-an. Li ranje 2-3 vye moso ran-yon-l te genyen kòm rad pou-l mete yo nan malèt li. Malgre sa, kristòf kolon pa deside fè bak sou okenn nan egzijans li te fè pou-l dirije kòkenn chenn ekspedisyon an, nan non souvren espanyòl yo.

Pandan-l te preske rive granada, yon jandam rele kristòf kolon. Latranblad pran kristòf kolon ki panse se fouke jandam lan pral fouke-l, tankou yo te manke arete-l nan peyi pòtigal. Enben lè kristòf kolon prezante douvan jandam lan, li te tou sezi wè kòman jandam lan salye-l ak respè pou-l te resevwa envitasyon pou li ale nan lakou wayal la prese prese.

Se sekretè deta-a, Wann Dekoloma ki resevwa kristòf kolon nan lakou wayal la. Wann dekoloma resevwa lòd wayal pou-l drese ak dilijans, konvansyon ki ta dwe siyen ant yo menm ansanm ak tout pyès, tout dokiman kristòf kolon ta egzije kòm nesesè pou vwayaj la, pou sa li pral rele gran dekouvèt la.

Tèks ki ekri pou siyen akò, pou sele antant la, yo bay li pote tit : ‘’Kapitilasyon’’. Yon akò, yon privilèj kristòf kolon t-ap tann denpi plis pase 8 lane, rive anfen tabli nan dat 17 avril lane 1492. Tèks sa-a pote siyati kristòf kolon, siyati wann de koloma, siyati wa lèspay ak siyati rèn lèspay.

Yo renmèt kristòf kolon yon paspò jeneral, enpi moun nan vil palòs resevwa lòd pou yo renmèt bay kristòf kolon, nan yon delè  10 jou, 2 karavèl ak gwo zam, ekipaj ak tout founiti nesesè pou 12 mwa. Pou sa ki konsènen lajan, kristòf kolon te resevwa yon milyon maravedi. Maravedi, se inite monetè peyi lèspay nan epòk sa. Sepandan, pou kouvri tout frè vwayaj la, kristòf kolon te reklame 2 milyon maravedi. Listwa pa rapòte ki kote kristòf kolon te jwenn lòt milyon maravedi-a, ou byen èske-l pat rive jwenn li. Antouka kristòf kolon pare pou gran vwayaj la.

LISTWA  DAYITI   # 3 DWP

Laisser un commentaire

Votre adresse de messagerie ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *